Selon primati peyi Ayiti, Premye Minis Ariel Henry rankontre jedi 22 jen 2023 a Prezidan peyi Brezil la, Luiz Inácio Lula da Silva, nan vil Pari ki se kapital peyi Lafrans, nan kad somè prezidan Emmanuel Macron ap òganize a.

Ansanm ak plizyè manm nan gouvènman li a, ki gen ladan Minis Afè Etranjè ak konseye li, Lula rankontre Ariel. Reyinyon sila te fèt nan kad zanmitay de peyi yo.

Premye Minis Ariel Henry rankontre Prezidan Lula sou sitiyasyon aktyèl Ayiti ap fè fas yo, e an menm tan mande sipò Brezil nan domèn sekirite ak devlopman dirab.

Prezidan Lula bò kote pa l pwomèt pou li pale de ka Ayiti a nan tout rankont entènasyonal l ap patisipe, yon fason pou sansibilize kominote entènasyonal la sou ijans ki genyen pou ede Ayiti.

Etandone kominote entènasyonal la kontinye pase Ayiti nan betiz atravè èd miltilateral gouvènman aktyèl Ayisyen an an te solisite a, Ariel tonbe nan eseye chache èd chak peyi an patikilye, pou wè kiyès ladan yo ki kapab charite Ayiti yon pousyè sekirite ak èd imanitè.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...