Aprè ansyen palmantè Garcia Delva ak Victor Prophane, gouvènman Kanadyen an anonse vandredi 23 jen 2023 a li sanksyone 4 nouvo moun paske yo enplike nan vyolasyon dwa moun, ki enkli vyolans seksyèl an Ayiti. Moun sa yo se biznisman André Apaid ak twa lidè gang. Se Minis Afè Etranjè Kanadyen an, Mélanie Jolie ki konfime nouvèl la.

Gouvènman Kanadyen an sanksyone biznisman André Apaid ak chèf gang Wilson Joseph alyas « Lanmo San jou », Vitel’Homme Innocent ak Johnson André alyas « Izo ». Se 4 moun sa yo ki jwenn sanksyon Kanadyen pou vyolasyon dwa moun ak vyolans seksyèl nan peyi Ayiti, selon sa Minis Afè Etranjè Kanadyen an, Mélanie Joly rakonte .

Sanksyon sa yo, dapre Minis la, anpeche moun sa yo fè trazanksyon lajan ak Kanada epi friz tout byen moun sa yo posede nan peyi Kanada.

Li kontinye pou li di André Apaid ak 3 lidè gang yo ki mansyone pi wo a, gen entèdiksyon antre Kanada anba Lwa Imigrasyon ak Pwoteksyon Refijye yo.

Pou rapèl, André Apaid se te lidè « Gwoup 184 » nan mwa fevriye 2004, ki te kontribye nan ranvèse Prezidan Jean Bertrand Aristide.

Apaid te gen bò kote l nan epòk la, ansyen Premye Minis Claude Joseph ak ansyen Depite Delmas Garry Bodeau.

Kanta Wilson Joseph (Lanmò San Jou), Vitelhomme Innocent ak Johnson André (Izo), yo se respektivman lidè gang « 400 mawozo » ki soti nan Croix-des-Bouquets, « Baz kraze baryè » ki soti Torcelle (Tabarre) ak baz  » 5 segonn » ki baze nan Village de Dieu, nan bisantnè Pòtoprens.

Selon divès obsèvatè, sanksyon sou òm dafè ak chèf gang yo p ap bay okenn rezilta si yo pa akonpanye ak arestasyon epi jijman pou zak yo repwoche moun sa yo.

JOSEPH cenes, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841