Atis Kernizan Nickenson alyas Bourik de Latalay jwenn arestasyon l, madi 25 jiyè 2023 a, pandan li ta pral choute yon videyo. Bourik se yon atis kap evolye nan jan mizikal ki rele Drill, yon tandans mizikal kap fè promosyon pou banditis, sitou avèk lirik vyolan yo. Lapolis kite gen alèt sou machinn nan, arete atis la avèk plizyè lòt moun pou koze asosiyasyon malfektè.

1) Kernizan Wilkinson, alias Bourik the Latalay, ki fèt 22 janvye 2000 nan Pòtoprens.
2) Fatal Guerson, 23 fevriye 1997 ki fèt nan Ans wouge ;
3) Lestin Garlynsky, 07 desanm 1998 nan Pòtoprens
4) Juste Ismitchel, 21 oktòb 2002 ;
5) François Ricky Butervens, 06 janvye 2000 ;
6) Edmond Gesnelson Junior, 27 mas 2003. Se lis non moun sa yo lapolis mete anba kòd n
Ang Magloire Ambroise ak St Honoré.

Lapolis ki pataje enfòmasyon an lendi 30 jiyè 2023 a fè konnen se manb popilasyon an ki denonse group moun sa yo kòm moun ki ta fè pati gang Izo Vilaj Dedye a.

Selon enfòmasyon lapolis di li jwenn nan men sitwayen yo, moun sa yo frekante anpil Vilaj Dedye ki ta fè pati gang Izo a.

PNH presize moun sa yo t ap sikile nan yon machin Honda CRV koulè ble san plak dèyè.

Deskripsyon machin nan:
Mak : Honda CRV,
Motè :B20Z2-5074244
Seri :JHLRD28491C008275
Koulè:ble
Plak :AA-70747. Fòs lòd yo presize soti semèn 24 rive 27 jiyè 2023 a, te genyen anpil aktivite plezi nan Vilaj kote te genyen anpil atis ak DJ te programe pou al jwe.

Fòs lòd yo di DCPJ ap travay sou dosye a, pandan 6 moun sa yo nan gadavi pou tann suit legal yo.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....