Peyi Kenya ki twouvel nan Kontinan Afriken an manifeste volonte li genyen pou li ta pran kòmand fòs militè ki ta dwe entèvni Ayiti a. Yo deja promèt y ap bay mil (1 000) polisye nan fòs la. Se samdi 29 jiyè 2023 a, Minis zafè etranje yo a, Alfred Mutua kominike sa.
Toujou nan kominike a dirijan Kenya yo fè konnen yo rete solidè ak pèp ki genyen asandans afrikèn nan mond lan sitou nan Karayib la, pandan y ap aliye yo ak politik Inyon Afrikèn nan.
Èd nou propoze a ap efektif toutfwa Nasyonzini pa vwa konsèy sekirite a dakò selon prosedi konstisyon peyi Kenya. Si sa fèt, nan semèn ki ap vini yo Kenya ap deja prè pou voye yon misyon polis pou vin fè dyagnostik sitiyasyon an sou tèren Ayiti a. Misyon saa ap kide yo sou manda ak tip operasyon y ap genyen pou mennen.
Yon fòs miltinasyonal se solisyon ki ap pi rapid pou apiye polis Ayiti a, pou rezoud problèm gang yo. Se sa sekretè adjwen USA a🇺🇸Brian Nichols deklare jedi 27 jiyè 2023 a devan sena Ameriken an🇺🇸.@WHAAsstSecty a di USA ap diskite ak kèk peyi ki ap kontribiye nan voye sòlda.
Ansyen Premye Minis Claude Joseph ki t ap dirije peyi a ak defen prezidan Jovenel Moïse pat pran tan pou reyaji, li deklare: Peyi kenya genyen twoub politik pali kote genyen manifestasyon kont gouvènman an pou lavi chè, òganizasyon dwa moun yo pa sispann kritike mank profesyonèl polis Kenyan. Èske vrèman yo ka vin ede polis Ayiti a?
Yon deklarasyon Ansyen depite Mibalè a, Abel Descolines pran kontrepye. Ak divès agiman li montre li favorab ak èd la paske li di peyi a genyen twòp tan l ap soufri fòk nou sispann ak politik demagòg saa jan Claude Joseph ap fèl la. Li presize peyi Brezil ki te genyen zòn ki te genyen bandi lakay pat anpeche li te pran kòmand MINUSTHA an 2004 Ayiti.
Se nan dat 22 jen 2023 a, nan somè mondyal sou yon nouvo pak finansye nan peyi Lafrans, Premye Minis Ayisyen Aeiel Henry te rankontre ak Prezidan peyi Kenya a William Routo sou posibilite pou ra ede Ayiti nan koze ensekirite a.
Prezidan Dominiken an Luis Abinader reyaji tou pou di li felisite desizyon Kenya a, e li kwè se yon bon pa ki fèt ak pèsistans li ki toujou ap mande entènasyonal la pou ede Ayiti.
N ap raple se premye Minis Ariel Henry menm ki te konfime nasyonzini te pran yon rezolisyon 14 jiyè 2023 a, pou voye yon fòs ki pap ONU pou vin ede Ayiti nan kriz ensekirite a, e sekretè jeneral Antonio Guteress ta dwe bay tout detay yo ak konsèy sekirite nasyonzini an nan mitan mwa out ki ap vini laa.