Yon bis ki se pwopriyete lopital inivèsitè Mibalè a (HUM) / Zanmi Lasante (ZL), disparèt nan lakou lopital la madi 1e dawout 2023 a. N ap raple, gen pano solèy, gwo jeneratris, konntenè, laptòp, tablèt, medikaman, se kèk nan byen lopital la ki pa sispann disparèt sa gen kèk tan.

Se pa premye, ni dezyèm, ni twazyèm fwa zak malonèt pa sispann anrejistre nan HUM, pandan yon peryòd ki pa depase 2 lane. Kèk jou avan «eskandal machin» sa a, nan yon nòt pou laprès Direksyon Lopital Inivèsitè Mibalè a te mete deyò lendi 31 jiyè 2023 a, responsab yo te di yo pote yon «demanti fòmèl sou rimè k ap sikile nan medya, ki ta fè kwè yo vòlè yon bebe nan lopital la». Bebe sa a se te pou «Jessica Destiné» ki di yo vòlè pitit li a HUM aprè l fin akouche.

Jessica Destiné, manman pitit la

Se vre lopital la pote yon demanti fòmèl, men jiskaprezan okenn moun nan popilasyon an pa ko genyen sètitid sou «fè» sila, sa ki kontinye soulve deba nan mitan popilasyon an ki, pou majorite a, kwè bagay sa a pa klè ditou, sitou kontradiksyon ki gen ant sa manman pitit la ki se «Jessica Destiné» rakonte, ak sa responsab lopital la di. Yon dosye popilasyon an kontinye ap swiv.

Nan dat ki te 03 jiyè 2023 a, nouvèl la te tonbe tankou yon kout zèklè, «30 000 dola Ameriken chak mwa», se pri sa a Hopital Universitaire de Mirebalais Ayiti (HUM) / Zanmi Lasante, lwe 2 jeneratris nan men Hay-Trac pou bay lopital la kouran, aprè 2 sa yo te genyen yo te tonbe anpàn depi jiyè 2022, selon responsab yo. Mwa jiyè 2023 a fè lokasyon sa a yon lane. Se sa jounal «Centre à la UNE» te pibliye jou pase yo.

N ap raple, nan dat ki te 02 dawout 2022 a, egzakteman 1 lane, redaksyon jounal «Centre à la UNE» te dispose de yon ansanm enfòmasyon ki te fè konnen HUM lage nan lweyaj jeneratris byen chè, alòske te genyen 1800 pano solèy ki te la, ki pa t itilize, men ki malerezman ta pral vann tankou pate cho, ant 12 500 a 15 000 goud atè a nan divès kwen nan lari a.

Tou swit aprè enfòmasyon sa yo te fin viral, administrasyon radyo «Puissance FM 99.9» nan vil Mibalè te pran desizyon kanpe otomatikman emisyon divès jounalis nan radyo a, kòm kwa se jounalis sa yo ki ta mete enfòmasyon pano solèy yo deyò bay gran piblik la.

Li pa yon sekrè pou okenn moun, depi aprè lanmò Doktè «Paul Farmer» ou byen (Paulo), ki se youn nan fondatè gran patrimwàn sa a, HUM sou wout pou li tounen yon espas tèt anba, kote se koripsyon ak enpinite k ap taye banda. Nan sans sa a, ki atitid sosyete Ayisyèn nan, an patikilye kominote Mibalezyèn nan, dwe afiche fas ak ansanm deriv sa yo ki pa sispann mete an kesyon entegrite ak lavni HUM ?

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...