Linda Thomas-Greenfield ki se anbasadè Etazini nan l’ONU anonse madi 1e Out 2023 a, Etazini pral prezante yon tèks devan nasyonzini pou otorize deplwaman yon fòs miltinasyonal Ayiti kote se peyi Kenya ki pral genyen pou pran tèt fòs la.

 Se nan yon konferan pou laprès ki make ouvèti prezidans Etazini pou mwa Out la nan Nasyonzini anbasadris la te fè deklarasyon saa. Li kontinye pou li di se sekretè deta Ameriken an Antony Blinken, ki genyen chaj pou travay sou projè rezolisyon an. Li fè konnen tou Etazini profite salye angajman Kenya pran pou pran tèt fòs la.

Etazini di li enpasyan pou travay ak tout patnè li yo pou ede Ayiti nan kriz ensekirite a. Yo egzòte tout aktè politik Ayiti yo pou jwenn yon fòmil pou elaji konsansis lan pou remete peyi a sou vwa demokras.

Se te nan dat 29 jiyè 2023 a, peyi Kenya te anonse yo manifeste volonte pou pran tèt fòs ki dwe vin pou ede Ayiti a, pandan yo deja prè pou voye mil (1000 ) polisye.

Selon divès sous, peyi Jamayik deja ap prepare twoup pou deplwaye Ayiti, san yo pa presize kantite a.

Yon lòt kote peyi Bayamas di li menm tou li prè pou voye 150 moun Ayiti, san presize si se militè oubyen polisye.

N ap siyale opinyon yo divize an Ayiti sou koze fòs saa ki ap entèvni an Ayiti a, sitou Kenya yo di yo pa fin kwè nan kapasite yo pou bay solisyon ak defi ki genyen Ayiti yo.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....