«Fanès Orepha» se non yon polisye «Udmo» ki touye «Renaldo Augustin» ki se yon chofè taksi moto byen bonè maten samdi 5 out 2023 a, vè 9 vè konsa nan vil Ench, pa twò lwen mache a, tou pre boulanje «Emmanuel» zòn biwo direksyon depatmantal travo piblik la. Daprè kèk temwen viktim lan mouri paske moto li t ap kondui a frape dèyè machin polisye a.

Toujou selon temwen yo, aprè zak la, polisye a kouri ale kite madanm li ak pitit li ki te avèl nan machin nan. Moun nan zòn lan te move kou kong, se akòz ti bebe ki te ak madanm nan ki fè yo di yo pa boule machin nan. San pèdi tan, polisye ki fè zak la ta pral mande ranfò, konsa lapolis te rive bridsoukou pou vin pran machin nan ak madanm li plis pitit li.

Anpil moun nan popilasyon an leve vwa yo pou mande responsab polis la, Jean «Previl Castro» ak komisè gouvènman pou yon ti bout tan an, «Marlène Abraham» pou pran tout dispozisyon pou limyè fèt sou zak asasinay sa a ki pa dwe rete enpini.

Nan menm dat 5 Out la komisè gouvènman tribinal premye enstans Ench lan Marlène Abraham mete yon manda rale mennen vini dèyè polisye Fanès.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....