Fernando Villavicencio ki se yon kandida pou pòs prezidan nan peyi Ekwatè pami uit (8) lòt kandida nan kous elektoral la, jwenn lanmò li aswè mèkredi 09 dawout 2023, aprè l fin soti nan yon rasanbleman kanpay. Fernando mouri aprè l fin resevwa divès katouch.

Sa gen anviwon 12 jou konsa Fernando te denonse menas lanmò li t ap sibi ki soti bò kote yon group mafya Ekwatoryen.

Sè kandida pou pòs prezidan an bandi ak zam asasine a, akize gouvènman Lasso Guillermo nan asasina frè li, pandan li lonje dwèt li byen long sou lapolis ak minis enteryè peyi a.

Aktyèl prezidan Ekwatè a Lasso Guillermo, di li kondane ak tout fòs li asasina kandida pou pòs prezidan an, e li deja mande pou louvri yon ankèt prese prese pou limyè fèt.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....