Gen on prensip nan dwa ki di “ la fraude corrompt tout.” Daprè prensip sa on gwo kriminel kapap evite prizon paske ministè piblik te itilize mwayen ki pa korek pou te pwouve kilpabilite kriminel la. Lè sa nenpot Jij kapap deside lage kriminel la. Sa pa retire le fèt krim nan komet tout bon. Sa jis vle di ministè piblik te enkonpetan, malonet, mechan e latriye.


Sou Napoleon Johnson ak Morvan:
Li enpòtan pou m note pou nou m pa on gwo fanatik Johnson. Anfet m pa fanatik li ditou. M suiv li sou Facebook ak lot platfòm. M trouve li itilize kek mwayen predatè pou fè biznis li mache. Sa ki totalman pafè nan sistèm kapitalis men pou mwen ki imoral.
Pou m ba nou on ekzanp: on fwa m tande misye ap eksplike sou Facebook Kijan li ranje avek kek etranje ki te kreye on pwogram GED pou l te rekrite moun nan pwogram sa. Li te chaje moun sa yo plis pase 2 mil dola aloske pwogram nan t ap koute mwens ke 2 san dola. Chif sa uo ka pa totalman korek men yo pa lwen vrè chif misye te bay nan live li menm li t ap fè.
M pa renmen tou jan misye toujou ap vèmi edikasyon kòm kwa pou on moun “reyisi” li ta dwe iniore lekol totalman. Pandan gen on ti minorite moun ki rive soti tet yo malgre yo pa gen gwo ledikasyon, lekol rete jiska prezan pi bel mwayen pou on moun soti tet li finansyeman epi sou plizyè lòt pwendvi. Dayè Napoléon telman pa kwè nan koze sa l ap rakonte a tout pitit li lekol. Epi li menm li fè plizyè metriz.
Donk nou konprann m vrèman pa fanatik mesye sa ditou.


Sou dosye kòm kwa li ta enplike nan lot move zaksyon m pa opine sou yo paske m pa gen konsekans sou yo. An realite Menm si m te okouran m patap pèdi tan atake misye sou yo pou plizyè rezon. Se pa fò m jounalis sa m pratike epi m trouve gen on prezonpsyon de kilpabilite lè se ti Neg ki rive soti tet yo aloske nou asime blan travay di pou l fè lajan l. Gade Donald Trump: plizyè fwa leta penalize l pou fwod fiskal. Yo chaje l gwo penalite pou move zak li men li pa janm al nan prizon. Yo toujou jwenn aranjman avek li pou l evite prizon. Se jis on ekzanp de plizyè milye lot blan ki rive pase sou kote sistèm nan anyen pa rive yo.
Note ke paske gen blan ki fè fwod nan biznis se pa on bon agiman pou nenpot lot gwoup minorite antre nan fwod tou.
Men mezanmi: si on moun chita avek mikwo l ak anpil otorite e awogans ou diw gen bon pwèv on lot enplike nan move zaksyon tankou vann dwòg elatriye. Kounya on sel kou paske lajistis fose w ou tounen sou tout sa w te konn di.
M t ap pran eskiz John Colem Morvan yo trè oserye si misye te leve pou kont li on bon maten li rann li kont li pa nòmal pou l ap akize moun sa pwèv. Se t ap on gwo bagay. Men lè se lajistis ki fòse w gen on pwoblèm.


Pou John Napoléon se deja grav e menm trè grav pou on moun viktim de tout kalomni sa yo. Men e lot moun misye Morvan te di ki nan gang epi lapolis mache pran yo? E lot ki malerezman pèdi lavi yo akoz akizasyon Morvan?


Mentnan: Eske tout moun Morvan te konn akize yo tout inosan? Non. Men sa pa bal dwa pou l akize moun san pwèv. Ou pa ka gen platfòm sa yo pou w ap itilize l an manfouben.
Pou moun k ap defann Morvan yo se nòmal. Se zanmi nou. Mwen menm tou m t ap kanpe avek li sil te zanmi m tou. Men si nou pa rekonet pratik li itilize yo pa bon nou pa ede l.
Mentnan: Eske erè sa yo vle di Morvan pat janm fè anyen serye? Non. Li te konn itil nan fason pa l. E m panse li dwe kontinye bay sèvis li nan jan l kapap. Jis korije erè yo epi kontinye frape kouzen. Fè plis atansyon pwochè n fwa.
On lot pwen: Eske m bay opinyon m nan dosye sa paske m bezwen atansyon: paske m bezwen fòlòwè? M ta renmen genyen fòlòwè vre wi. Men m pa kwè m bezwen antre nan zen sa yo pou m bati platfòm mwen yo. Map kontinye chache entèviou, verifye, reverifye tout entòmasyon m resevwa pou kontinye kenbe repitasyon m.
Kenbe repitasyon pa vle di ou pap janm fè erè. Se korije erè yo rapid vit san w pa bezwen lajistis fòse w.

Emmanuel Paul, PDG Zoom Haiti News

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841