Manifestasyon Pastè Marcorel Zidor anpil moun konnen sou non Marco oubyen Cheriben samdi 26 dawou 2023 a, tounen yon sèn trajik, puiske bandi Kanaran yo louvri kout bal sou manifestan yo. Pou pi piti 5 moun mouri, prèske yon douzèn blese epi bandi yo kidnape plizyè lòt fidèl kretyen. Mach sa a ki te òganize samdi, te vize deloje gang Kanaran an.

Imaj chokan k ap sikile sou rezo sosyal yo montre gen 5 moun ki mouri k ap benyen nan san yo, Bandi ap filme pou montre sa k pase a. 5 moun sa yo gen mayo blan sou yo ki gen logo pastè Marco.

Nan yon lòt videyo, gen 3 medam nèg ak zam yo pran epi ap fè pale pandan y ap filme yo. Youn ladan yo bay vizaj li pa anfòm epi gen san sou li. Daprè sa k ap di nan videyo a, sanble se bal li ta pran nan bouch.

Nan yon lòt videyo, genyen plis pase 15 fidèl k ap pale ak kek bandi, k ap tante jistifye prezans yo nan mach sila a, pami yo youn ki gen randevou pou li antre Ozetazini nan pwogram parole Biden nan, selon sa li rakonte bandi yo.

Pa gen moun ki konnen konbyen viktim ki fèt pandan ensidan sa kote misyon fidèl pastè Marco yo se te rive nan fyèf gang Jeff pou fè yo depoze zam, kite bandi.

Yon ougan ki rele Bilolo kongo di li salye kouraj pastè Marco ki panse Bondye l ap sèvi a te kapab ede l kraze gang yo, men malerezman li te tronpe l. Li kontinye pou li di pastè Marco reyisi fè sa polis nasyonal la ak lame ki pran fòmasyon nan peyi etranje pa janm reyisi fè, ki se rantre nan fyèf gang yo. Bilolo fini pou di aksyon pastè a ta dwe endiye wo eta majò a pou ta bay asistans ak pèp la ki an danje e ki lage pou kont li.

Yon lòt kote, sou entènèt la, anpil sitwayen kritike pastè a anpil, paske li trennen anpil kretyen vivan nan bouch bandi san fwa ni lwa, menm fòs lòd difisil pou kontrekare. Kote kretyen yo se ak bout bra, fouchèt, manchèt, bout fè yo te genyen nan men yo pou t al afwonte gang yo ki genyen gwo kalib zam.

«Nou an difikilte dèyè Kasandra a, nèg yo sènen nou tout kote. Tout moun ap konnen nou te ap batay pou byennèt. Tout moun chita lakay yo ap tann bri lanmò nou, ebyen nou mouri. M espere lè n mouri peyi a ap chanje. Mèsi Elbé, mèsi Ariel. Jodi a m ap mouri, m fyè pou lanmò m ap pran an, m t ap batay pou peyi m, pou timoun mwen pa viv sa a.» Mesaj Andral Christinvil te voye pou tout peyi a samdi 26 jiyè 2023 a.

Depi dram nan fin pase yè samdi a, pou jiska dimanch 27 dawou 2023 a, pa gen okenn nouvèl sou pastè Marco.

Sadrax Ulysse, Centre à la UNE

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....