Gestrane Sanon ki gen 50 lane, se yon sitwayen ki se moun Fonboujwa ki se 3èm seksyon Makari komin Marigo, ki jwenn lanmò atravè yon zak sansinay, anviwon 5 kè aprè midi vandredi 25 dawou 2023 a.

Selon tout enfòmasyon ki rive jwenn jounal Centre à la UNE, Chanès Joseph ki se prezime asasen an, t ap veye sitwayen Gestrane. Pandan l ap sot chanje kabrit, li rache Gedtrane ak plizyè kout manchèt, aprè li kouri epi chape poul li.

Malgre dilijans popilasyon an te fè pou tante sove Gestrane, malerezman li pa gen tan rive lopital puiske wout ki nan zòn nan pa aksesiv, alòske li te deja pèdi twòp san. Finalman li mouri san yo pa t menm gentan rive nan zòn kote pou moto te transpòte l lopital la.

N ap note, Gestrane Sanon se yon notab trè koni e trè respektye nan zòn nan, ki gen anpil fanmi li nan milye a ki mouri nan menm kondisyon deplorab sa a, si n kwè divès sitwayen ki temwanye.

Sitwayen yo ki soti nan divès zòn nan anviwònman an, defini anpil estrateji kote, y ap chèche tankou chen fou prezime asasen an, nan sousi pou trennen l douvan lajistis, e reponn sou zak odye sila

Komin Marigo, Jean Marc Joseph, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841