Nan komin Sodo, majorite lekòl yo bay yon pousantaj trè elve. Se ka «École Mixte Notre-Dame Presbytérale FATIMA» ak «Institution Mixte Source de vie» ki bay 100%. Pi lwen, divès lòt lekòl atenn plis pase 90% nan kad egzamen sila. Selon konsta jounal Centre à la UNE, rezilta sa yo montre nan komin Sodo aprenan yo fè yon pwogrè konsiderab parapò ak kèk ane pase yo. N ap note, lekòl #FATIMA te fè 100% an 2022.

Menm jan «Communauté Solidaire pour le Développement du Centre» CSDC mete yon pwogram sou pye, kote yo mande pou sitwayen yo kontribye ekonomikman pou remèt yon chèk bay elèv ki loreya nan 9èm ane ak NS IV nan Depatman Sant pou ane sa a, nou kwè kontinye ankouraje aprenan nan tout ti kwen andedan peyi a se yon obligasyon.

An nou li ansanm etablisman, prenon, non ak kantite nòt chak aprenan ki rive loreya pou lekòl pa li a reyalize pandan egzamen sila:

01. École Sainte Claire : Raimé Mikelson 1006 pwen.

02. École Communautaire de Laboule : Noël Loudna 1010 pwen.

03. Collège Toussaint Louverture: Saintgardien Andrise 1038 pwen.

04. Centre Familial d’Étude et d’Apprentissage : Dasley LOUISSANT 1048 pwen.

05. Collège Mixte Emmanuel par la foi de Saut-d’Eau : Charles Amantha 1090 pwen.

06. École Nationale de Saut-d’Eau : Louis-Jeune Wakendy 1140 pwen.

07. École Mixte Notre Dame de FATIMA: Saint-Vil Nerlinda 1148 pwen.

08. Collège Mixte Jean Paul Sartre : Valensky AVRIL 1170 pwen

09. École Source de Vie : Ricaldine AVRIL 1242 pwen.

10. Collège Baptiste Conservatrice de Turpin : NOZAN Beliphir Erica 1272 pwen.

11. Institution Mixte Marie Reine des Apôtres : Norilus Guess-Mia 1322 pwen.

Aprenan nan Sodo pa sèlman fè bèl mwayèn nan egzamen sa a, men tou gen divès ladan yo ki fè tout nòt yo nan youn osnon divès matyè. Se ka Norilus Guess-Mia, Widlin PAUL-NARCIUS, Mydream PAULESTON ki fè 200/200 pou Syans Sosyal, Dasley LOUISSANT ki fè 200/200 pou Anglè, Widlin PAUL-NARCIUS, Mydream PAULESTON ki fè 200/200 pou espanyòl.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...