Nan yon kominike ministè Edikasyon Nasyonal mete deyò lendi 28 dawou 2023 a, MENFP anonse li mete kanpe yon komisyon pou travay sou dosye lekòl ki sèvi abri pwovizwa epi pou idantifye elèv ak Anseyan ki deplase yo, nan kad preparasyon pou ouvèti ane eskolè 2023-2024 la.

MENFP anonse komisyon sa gen ladan l kad nan Direksyon Teknik ak Direksyon depatmantal ministè a. Pou fè ankèt e bay rapò sou kantite timoun lekòl ak Anseyan ki deplase ak kantite lekòl ki sèvi abri pwovizwa.

N ap raple, bilan lekòl ki sèvi abri pwovizwa nan zòn metwopolitèn nan se 12, kote 8 pami yo se lekòl Leta, sa vin fè yon total 150 sal klas ki pa disponib.

Washington FLORVIL, Centre a la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841