Pastè Marcorel Zidor fè konnen 95% fidèl li yo pa t pèse, moun ki mouri yo se sa k kouri ale kache anndan kay.

Aprè sa k fin rive samdi pase a kote gwoup gang Jeff nan Kanaran tiye ak blese plizyè fidèl legliz pastè Marcorel Zidor anpil moun konnen sou non Marco ki t ap eseye ale deloje nèg ak zam nan zòn sa k ap simen latwoublay. Pastè Marco soti nan silans li jodi lendi 28 dawout la kote li pale sou radyo Mega sou sa k pase a epi fè konnen 95% fidèl ki te ak li yo pa t pèse malgre bal bandi yo t ap vide sou foul yo epi ajoute pou l di moun ki mouri yo se moun ki ta pèdi lafwa nan kouri ale kache anndan kay li ta estime ki se menm kay bandi yo.

“95% nan fidèl mwen yo katouch ap tonbe sou yo pa gen moun ki pèse non. Moun ki mouri yo se moun ki rantre kache nan kay. Mwen panse si moun lan kouri li rantre ale kache se nan kay bandi yo. Menm si moun lan te pèdi lafwa si l te kouri fè menm kote ak foul la li pa t ap mouri”, se deklarasyon pastè Marco fè sou antèn radyo Mega.
Pastè Marco fè konnen si Leta peyi l te fè travay li se pa yon senp sitwayen tankou l ki t ap rantre nan batay pou ale chase bandi k ap bay pwoblèm. “Si mò te konsyan, si m te mouri anlè a, m t ap di mwen mouri pou peyi m.”

Konsènan nouvèl ki te fè kwè li pran bal pandan aksyon bandi yo, Pastè Marco fè konnen li pa pran bal men pito se blese li blese pa yon bout fè nèg yo travay epi te voye sou li.
Pastè Marco fè konnen li te ekri DG lapolis la, Frantz Elbé, pou l di l li menm avèk legliz l ap dirije a te prè pou akonpaye PNH la kont zak bandi. Li fè konnen malgre li gen akize resepsyon lèt sa, chèf polis la pa t janm fè l repons.
Jodia pastè Marco ta sipoze ale reponn kesyon Lajistis sou envitasyon Pakè Kwadèboukè a.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841