Se te jodi 30 dawou 2023 a, dènye liberasyon pou chwazi ganyan  » prix du Roman Fnac 2023″ aprè yo fin delibere Jean-Baptiste Andrea soti champyon ak zèv li ki gen pou tit « Veiller sur elle », selon Édouard Lebigre nan « L’éclaireur Fnac ».

Fnac ki vle di « Fédération Nationale d’achats des Cadres ». Yon chèn magazen ki egziste nan peyi Lafrans depi nan lane 1954 ki entèrese nan vann pwodui entèlektyèl tankou liv.

Jean-Baptiste rive devanse kat (4) lòt finalis kite nan kous la ak li, nou vle pale nan lòd egzat otè-zèv : Rachid Benzine – Les silences des pères, Eric Chacour – Ce que je sais de toi, Julie Héraclès – Vous ne connaissez rien de moi, Thomas B. Reverdy – Le grand secour, ki yo menm te chwazi pami 30 lòt nan premye seleksyon an.

Jean-Baptiste Andrea se yon fransè, yon senaris ak yon ekriven ki pibliye premye roman li « Mon reine ». Avèk zèv sa a li pran plizyè pri nou ka site : prix du premier roman 2017, prix Femina des Lycéens 2017, prix livre Azur 2019, prix des Lycéens folio 2020 pou n site sa yo sèlman. Sa montre ke otè a te byen pati nan monn ekriti jan literè woman an.

Nou p ap bliye pou n di : pri woman Fnac la, li la pou li kapab onore, rekompanse nou ka di mete limyè sou yon woman ki inik, ki fè eksepsyon. Pou sa ekip Fnac la monte yon ekip ki konpoze ak 400 machann liv Fnac (libraire fnac) ak 4000 aderan Fnac pou li epi pote jiman sou yon ekip zèv nan rantre literè 2023 pou chwazi 30 nan zèv yo. Remake ekip jire a gen ekspè (machann liv Fnac yo) ak lektè amatè (aderan yo).
Anpil moun voye felisitasyon ak Jean-Baptiste Andrea pou pri woman Fnac la li ranpòte pou 2023 a ak zèv li « Veiller sur elle ».

Garry DORISCAT, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841