Minis defans dominiken an Carlos Luciano Dias ak jeneral an chèf CESFRONT lan Mr Duràn vizite fontyè Elias piña/ Beladè a jounen mèkredi 30 dawout 2023 a. selon enfòmasyon Minis defans Dominiken an pataje ak laprès,  » se gouvènman ayisyen an ki produi demand pou fèmen fwontyè a akoz Leta ayisyen pèdi pòs kontròl pò, dwàn ak imigrasyon yo e se rezon sila ki lakoz vizit yo sou fontyè elias pinias la.

Divès komèsan ak moun ki nan sosyete sivil Beladè a kritike desizyon sila e ki selon se proteje Leta Ayisyen ap proteje boujwa nan Pòtoprens ki ap souse san pèp la pandan y ap detwi klas komèsan Beladè a ki fè komès ak Repiblik Dominikèn.

Alòske jounalis vedèt emisyon emisyon Maten deba a, Luckner Désir anpil moun konnen sou non Louko rapòte nan emisyon ayè 30 out la, yon group boujwa nan Pòtoprens ekri Minis Finans lan ki nan Gouvènman Ariel Henry ap dirije a yon lèt pou mande li pou kanpe tout komès ki fèt sou fwontyè Beladè a epi egzije komesèsan si yo vle kontinye fè komès ak Repiblik Dominikèn yo dwe fè produi yo pase pa vwa lanmè oubyen avyon.

N ap raple nan dat 4 Out 2023, DCPJ te arete yon gran komèsan nan Beladè ki rele Mackenson Tinvil ki konn kòmande produi alimantè, fè ak siman Ayiti selon divès sitwayen ki te pèmèt kèk produi te bese sou mache a e ke fanmi Tinvil te fè konnen se konplo boujwa Pòtoprens ak Leta Ayisyen ki ap pèsikite yo paske yo rantre ak produi ke boujwa Pòtoprens pa dakò.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841