Lapolis Laskawobas de konsè ak pakè Mibalè a ki gen nan tèt li Gabriel Fleury, arete 3 jèn gason (Robenson Descolines 18 an, Jean Lipré Descolines 34 ak Belgarde Smith 52 an) nan komin Laskawobas Depatman Sant Ayiti jounen vendredi 29 desanm 2023 a ak anviwon 10 mil katouch gwo kalib.

3 mesye sa yo ki se moun Dèlma-77 Depatman Lwès Ayiti te nan yon machin ki imatrikile TP-27194 kote yo te pote 54 kès poul plis 9960 grenn katouch 5.56 ki soti sou fwontyè eliaspin nan.

Selon sa yon yon polisye di jounal la mesye yo te itilize kès ki gen poul pou yo te ka tronpe vijilans ototorite yo. Machin nan te gen 54 kès poul epi katouch yo te kache anba nan sak.

Pou kounye nan devan lajistis nan vil Mibalè ap tann kisa lajistis ap di ak yo, malgre pou anpil moun, mesye sa yo ta dwe pase anba «Bwa Kale» aprè yo fin tande yo.

Fwontyè Ayiti genyen ak Repiblik Dominikèn yo tankou yon paswa ki toujou genyen trafik zam ak minisyon, sitou nan komin Beladè ak Savanèt.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE!

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841