Nan yon lèt yo adrese ak Minis Jistis la nan dat 21 desanm 2023, RNDDH @RnddhAyiti, rezo nasyonal k ap defann dwa moun, mande minis jistis la ( Emmelie Prophète Milcé) pou revoke prese prese Komisè Jean Ernesrt Muscadin nan tèt pakè depatman Nip la.

PIBLISITE PEYE

RNDDH di komisè Muscadin ap fè vyolasyon dwa moun, detounman, ak malvèsasyon nan jiridiksyon li a, yon nouvèl ki pwobableman pap fè moun nan Nip byen ditou paske selon anpil sitwayen nan Nip se gras ak Muscadin ki kòz Bandi pa gentan anvayi depatman yo a.

RNDDH di Komisè a pase kòd Penal la anba pyel, epi touye moun sou baz yo se bandi, RNDDH di komisè a pa dwe rete nan tèt jiridiksyon an ankò paske Ayiti siyen anpil konvansyon ak trete sou respè ak dwa moun, nan sans sa Komisè a dwe revoke daprè korespondans RNDDH la .

Samuel Guillaume, Centre à la UNE !

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841