Ansyen depite kominn Kafou a, (Ayiti) Élie Blaise, mouri anndan lakay li. Jij depè Jean Jules Rica, ki te vin fè konsta legal yo, lendi 25 desanm 2023 a, fè konnen yo vin jwenn ansyen palmantè a nan rezidans li ki nan « Mahotière 75 ».

Jij la di Élie Blaise resevwa yon bal nan pwatrin, epi kadav li te kòmanse ap degaje movèz odè. Nan entèvansyon li fè nan mikwo jounalis, jij Rica fè konnen, endividi yo ki fè zak la, kase kay la avan yo ale. Majistra a di, ansyen depite a t ap viv pou kont li nan kay la.

PIBLISITE PEYE

Blaise se te ansyen alye PHTK a, ki te syeje nan karant nevyèm (49èm) lejislati a,li te eli anba banyè MAS pou sikonskripsyon Kafou. Li te pase nan tèt OAVCT kòm direktè anplis, li se fondatè yon gwo lekòl nan Kafou.

Anpil rèl ak dezolasyon nan mitan fanmi ak patizan ansyen DG OAVTC a. N ap tounen pou plis detay.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841