«Yon Sitwayen pou yon vil pwòp.» Se sou tèm sa Direksyon depatmantal edikasyon sant ak diferan sendika anseyan pami yo: Anseyan angaje e revòlte, UNOH… Elèv lekòl, pwofesè diferan etablisman, òganize yon operasyon netwayaj o nivo diferan blòk nan vil Ench vandredi 17 me 2024 la.

Divès lòt enstitisyon nan leta a tonkou: Travo piblik, Sante piblik, ministè Anviwonman, pati politik BDE, Délégation depatmantal sant te reponn prezan nan kad aktivite sila.

Lyps MAÎTRE ki se Direktè depatmantal edikasyon an nan depatman sant ki kirekonèt gwo wòl Sendika ak Anseyan jwe nan domèn edikatif la, te pwofite mete Aseyan ak sendi kalis yo sou menm tab, pou brase lide sou kèk pwoblèm k ap wonje edikasyon an nan depatman sant. Li salye travay Anseyan yo malgre tout difikilte y ap fè fas.

Li kontinye pou pwomèt akonpayman li anvè yo nan mezi li kapab antanke direktè depatmantal, pou fè revandikasyon Anseyan yo rive kote yo dwe rive, pandan l rekonèt defi yo anpil, men lè chak aktè kolabore, bon jan rezilta edikasyon an nan depatman sant lan, se ap fyète chak grenn Anseyan, Sendika elatriye kite kontribye.

Jacquelin NAPOLÉON, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841