Florince Fragile, youn nan pwofesè ki vle wè Lekòl la bay bon rezilta ann Ayiti ekri MENFP nan jounen Anseyan yo

«Nou tout pa vle abandone. Menm si leta bay nou do, men se pa nou tout ki di tout voum se do.»

Nan jounen Ansyen yo vandredi 17 me 2024 la, jounalis epi pwofesè Fragil Florince adrese yon lèt tout louvri ak Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl, pou fè responsab yo konnen li p ap posib pou yo fòse tout Anseyan Ayisyen kouri kite pwòp peyi a, pou ale sèvi lòt peyi aletranje.

Mouche leta, non ! Se pa nou tout k ap kopere nan kraze lekòl nan peyi Ayiti. Non, se pa nou tout ki deside ranmase pakèt nou vire do nou kite timoun yo nan sal klas san pwofesè. Non, se pa nou tout ki wè lavi miyò pou pwòp tèt nou sèlman pandan nou lage elèv yo nan sal klas san pwofesè kalifye.

Se pa nou tout ki di Tout voum se do pou lekòl ann Ayiti. Menm si mouche leta pouse do nou, men nou oblije mache pou n ka gade sal klas yo ki prèske vid dayè. Kè n ap dechire, men nou oblije ale .

Malgre tout bagay, se pa tout anseyan ki aplike nan pwogram Biden nan. Gen nan nou ki rete pou aplike pwogram MENFP lan pito.
Ni se pa paske yo pa ta ka ale tou, men yo fè chwa ranpli misyon sasedòtal sa a pou sove lekòl ann Ayiti.

Non Leta, se pa nou tout ki pa entèrese ak aprantisaj aprenan yo… Okontrè, anpil nan nou soufri lè nou wè lekòl bese nan pèfòmans li ak lè n ap konstate elèv yo demotive. Anpil nan nou santi nou pa konfòtab lè nou wè elèv prezante nan sal klas nenpòt kòman, sitou nan imite kilti lòt peyi olye de kilti pa nou.


Anpil nan nou pa santi nou alèz lè nou rive nan sal klas yo se tankou se sou yon plas piblik nou rive. Pwofesè ak elèv pa ta sipoze tonbe nan fè bif, men anpil pwofesè soufri lè yo gade se kò elèv yo ki lekòl la, se foto kopi yo ki Ayiti, lespri yo ap paweze nan lòt peyi.

Maladi sik ak tansyon siyale anpil pwofesè lè yo gade elèv p ap fè devwa, p ap etidye leson, k ap vini lekòl fwa pa fwa. An gwo, majorite elèv yo pa entèrese aprann anyen ki bon bon pou yo.

Anpil nan nou santi pa gen twòp espwa puiske elèv yo pa santi yo gen presyon sou do yo, elèv yo santi yo pa gen enterè nan mete konesans nan tèt yo. Anpil nan nou malad paske nou wè se kòmsi lekòl pa reprezante anyen pou jenerasyon sa a.

Anpil nan nou santi nou pa byen paske nou wè jan nou sakrifye nou pou n bay elèv yo sa yo dwe konnen pou fòme yo entèlektyèlman, moralman e sosyalman poutan elèv pa okipe nou ak sa nap fè. Anpil nan nou santi nou pran yon desepsyon anplis lè nou pa jwenn asistans direksyon an pou pran mezi pou egzije elèv yo konsantre yo sou aprantisaj yo.

Mouche leta, anpil nan nou kòm anseyan ap mande tèt nou èske se nou ki fòme modèl moun nou wè nan jenerasyon sa a vre. Ou kwè se nou yo pran kòm modèl ? Sanble modèl edikasyon ki bay nan lari a fè plis enpak sou timoun yo ke sa yo ta dwe pran lekòl. Timoun yo fin detay nan men nou wi mouche Leta, ou pa wè sa?

Poutan, se pa nou tout ki lage elèv lise ak lekòl nasyonal yo sou kont tèt yo non.
Gen nan nou ki fè efò vin travay malgré jan sa ye. Malgre tout move trètman nou jwenn bò kote Leta ki bay nou yon salè Tibèkiloz chak sensilvès. Malgre pifò nan pwofesè Ayiti fè ilsè lestomak tèlman yo vale van, gaz fè twòp depo andedan yo; malgre tout move trètman nou jwenn nan men direksyon lekòl ki devalorize nou devan elèv paske n’ap oryante yo nan bon chimen.

Men,Se pa nou tout non ki vle fè yon kraze kite sa. Malgre move rega nou jwenn nan men elèv kap trip sou nou, akòz soulye nou chire nou pako gen lajan pou n chanje chemiz ak pantalon depi ane pase yo.

Se pa nou tout ki vle ale malgre chak fwa nou touche ti monnen an, li pa menm gentan rive lakay machann te gentan kanpe sou de ran pou ranmase l nan men nou paske nou te gentan fè twòp kredi sou kont li pou n te kwape vant kòde, la mizè. Grangou nan vant pa dous.

Nou gen konesans se vre, men pawòl k ap sòti nan bouch nou pa enspire elèv yo konfyans paske prezantasyon nou diferan de sa nap di. Si nou toujou di aprenan yo ledikasyon se kle konesans, yo sispèk swa kle pa nou an pèdi oubyen yo chanje seri pòt lan sou nou.

Mouche leta, nou anvi anseye timoun yo santiman patriyotism lan; nou anvi fè yo rebati konfyans yo nan Ayiti, tanpri ba ou yon pi bon trètman, omwen n a manyè sanble ak sa n’ap bay kòm enstriksyon. Pa kite timoun yo konnen salè yon pwofesè touche pa jou paka menm fè yon kafe nan maten pou fanmiy li. Alòske jounen an long. Pa kite timoun yo tande gaz k ap bouyi nan vant pwofesè yo paske ti trip ap vale gwo trip.

Gen lontan m pa wè elèv ap etidye tankou wosiyòl lè maten, gen lontan m pa wè etidyan al fè rechèch, travay an gwoup, vizit gide. Nou anvi rejwenn gou Inivèsite a ankò. Nou anvi wè Inivèsite peyi nou an rekanpe ,
Nou anvi tande etidyan yo kap bay pozisyon yo ak pis solisyon yo.

Nou anvi wè lise yo repran eskanp figi yo, pou konpetisyon an retounen ankò. Nou swete wè lekòl nasyonal yo gen bon baz pou fòme pitit sòyèt yo wi nou anvi wè anbyans Jeni entè eskolè, entè klas. Nou anvi wè elèv yo pran pwofesè yo pou modèl yo ankò. Nou anvi wè elèv k ap fè plan kan l fin etidye pou l vin anseyan pou ranplase nou jodi a ke move trètman nan sistèm lan fè nou fin vyeyi pa fòs.

Men tanpri mouche leta, pa kite elèv yo wè lèt sa a. Si yo wè l, yo p ap gen enterè vin nan domèn ansèyman an, paske y ap pè pou move trètman pa fini ak yo pandan yo tou jèn lan. Yo gen yon bèl avni devan yo.

Mèsi mouche leta paske w ap li lèt sa a avèk atansyon pou jounen anseyan yo ki pase tankou se nan vèy tout moun ale. Pa gen refleksyon, pa gen oryantasyon, pa gen nouvèl desizyon ni bò kote anseyan yo, ni bò kote inivèsite a… tandiske, jodi a yo di se fèt anseyan.

Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841