Ekip Manchester City a ranpòte 10èm twofe li nan “Premier League” la jodi dimanch 19 me 2024 la, aprè li te fè tonbe ekip WestHam nan 3-1. N ap raple, City ranpòte tit sa 4 fwa youn dèyè lòt 2021 (86 pwen), 2022 (93 pwen), 2023 (89pwen), epi 2024 (91 pwen).

Manchester City sou rèy Pep Guardiola a se yon ekip ki pa sispan epate fanatik boul nan tout kwen sou latè, anpil pèfomans tatik, ak bon Jan miz an plas pou n site sa yo sèlman.

Nan lane 2016, staf Manchester City a t ap pral rive siyen antrenè espanyòl la pou kòmanse ak yon avanti tou nèf, e palmarès yo montre se te yon bon chwa. An nou li ansanm.

Guardiola nan tèt ekip City a se 6 fwa chanpyon “Premier League” la, 2 “FACUP” (2019 ak 2023), 1 “Mondial Des Clubs », 5 fwa chanpyon “Capital On Cup”, 1 fwa chanpyon “Ligue Des Champions « , 2 fwa chanpyon “Community Shield” san bliye triple istorik lane pase a.

Malgre batay pou tit la ane sa te trè sere ak yon Arsenal ki te rete batay jouk mayi mi, men ekip City a rive leve twofe si la pou yon 10èm epi 4 lane konsekitif.

Pou yon pil fanatik boul chanpyona anglè a “Premier League” la rete chanpyona ki pi kòryas sou tout kontinan Ewop la, e City pa sispan domine l, yon lòtbò menm moun sa yo tou rete kwè Manchester City se meyè ekip mond lan genyen pou prezan moman.

Samuel GUILLAUME, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841