Nan yon nòt pou klarifye gran piblik la Anie ALERTE pibliye madi 3 septanm 2024 la, atis la fè konnen li denonse tout moun ki di li chita pale ak lidè ou pati politik, ni li pa gen lide politik, tout rèv li se wè yon Ayiti meyè, kote tout moun ka viv, pou l kontinye chante, fè konsè nan 10 depatman peyi a san kè sote.

Anie fè konnen li se yon atis Ayisyen ki kwè nan peyi a, li kwè nan mete tèt ansanm pou jenerasyon k ap vini yo, li kwè nan travay ak tout moun pou ede peyi a sòti kote li ye a.

Li kontinye pou demanti fòmèlman tout pwopagann ki ta fè kwè li chita ak lidè oubyen pati politik. Chantèz la fè konnen li respekte dwa tout moun genyen pou pwopoze tèt yo pou avansman peyi a, men li menm li pa gen ankenn lide politik, tout rèv li se wè yon Ayiti meyè kote tout moun ka viv, pou l ap kontinye chante, fè konsè nan 10 depatman peyi a san kè sote.

Li di tou kontrèman ak vye imaj anpil moun nan laprès nasyonal ak entènasyonal ap montre sou peyi a, Vwayaj li yo rantre nan kad pwomosyon li deside fè pou peyi li, yon fason pou li montre bèl sit natirèl, kiltirèl ak istorik peyi a genyen, konsa li ka ede repozisyone Ayiti sou kat touristik mondyal la…

Atis la di si yon moun pa fè pati solisyon an, se paske li se pwoblèm nan. Menm jan li ak ekip li te kwè pou leve defi Kanal la, e kanal la pa ko fini, y ap vanse, yo pi prè pase pi lwen, se KWÈ pou n KWÈ pou n leve defi lòt Ayiti a.

Li fini pou di: « Peyi sa p ap peri, e li pa ka mouri. »

N ap note, Anie ALERTE se youn nan atis Ayisyen ki patisipe aktivman nan reyisit kanal Wanament lan, se pou sa 31 dawout pase a li te lanse « 1e edisyon Festi-Kanal » nan Wanament. Yon aktivite ki te mete sou menm sèn divès lòt atis Ayisyen ak abitan yo, yon fason pou jwenn plis lajan pou bay agrikiltè yo envesti pou fè plis manje.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841