Ann Ayiti, ka vyòl yo pa sispann ogmante nan diferan komin nan peyi a pandan lalwa pini sevèman ka sa yo

Maidoudeline se yon ti moun 15 lane ki ta viktim vyòl kolektif nan ri Yanyan Mibalè nan fen mwa Out 2024 la, aprè yo te fin maltrete li anpil selon sa li eksplike. Malgre sa sibtiti komisè gouvènman Jean Thomas Lans libere youn nan prezime konplis vyòl la ki se Jean Jean nan dat 30 Dawout 2024 la. Yon liberasyon divès profesyonèl nan dwa reproche sou baz li fèt dèyè do lalwa e nan opasite.

Minè a ki se Maidoudeline ki te pale ak jounal la te esplike anviwon 3 jèn gason kenbe li yo vyole li, bat li, malgre li te genyen règ sou li sa pat anpeche yo te kontinye vyole epi bali gwo presyon lanmò pou li pat pale.

« Se yon jenn gason ki rele Dann ki abite nan ri Yanyan ki te pranm ki pati avèm, li fèmen m nan yon machin pandan 2 jou san manje epi plede fè bagay avèm. Aprè sa li ale fèmen m kay yon zanmi li ki rele Jean Jean ki te genyen lòt zanmi li la tou. Yo t ap fimen bòz epi bwè klere, yo fòsem fimen tou epi bwè aprè sa yo vyole mwen. » Se sa viktim nan esplike jounal la.

Mèt Robenson MAZARIN ki se direktè egzekitif òganizasyon Inityativ Sitwayen ki ap defann dwa moun nan respè lalwa Ayiti (ICIDDHREL-HAÏTI ) denonse pakè Mibalè ki gen nan tèt li Mèt Odania BLANC ki remèt Mèt Jean Thomas Lans dosye vyòl sila ki bafwe dwa timoun 15 lane a oprofi vyolè li yo.

Jean Jean lapolis te arete 28 Dawout nan kad dosye sila aprè yon manda rale mennen vini nouvo Komisè gouvènman Mibalè a Mèt Odania BLANC te emèt epi jij depè Drixnel Thélémaque te fè enfòmasyon preliminè yo fè konnen li pa menm rekonèt demwazyèl la ale wè pou li ta vyole li. Toutfwa li avwe Dann se zanmi li e tidam nan se madanm Dann li ye.

Selon sa divès sous rapòte ak jounal la, se vre se Mèt Odania BLANC ki komisè prensipal pakè a ki poko gen yon bon mwa nan pòs la men, majorite dosye enpòtan ki genyen yo, se Mèt Jean Thomas Lans ki se yon sibstiti komisè Odania remèt pou trete yo.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841