Rezo sosyal X/Twitter disponib ankò semèn sa a nan peyi Brezil, aprè 40 jou sispansyon platfòm Elon Musk la te bloke, paske li pa t ranpli kondisyon Lakou Siprèm nan peyi Brezil ki gen pou wè ak lit kont dezenfòmasyon te poze.

Jij Lakou Siprèm nan Alexandre de Moraes ki te bay lòd pou bloke
X nan dat 30 out pase a, deside leve sispansyon sa semèn nan.

Pou X tounen disponib ankò nan pi gwo peyi Amerik Latin nan, responsab yo te oblije aksepte efase tout kont yo sispèk ki t ap fè dezenfòmasyon, kote pi fò ladan yo se te sipòtè ansyen prezidan ekstrèm dwat la, Jair Bolsonaro.

Alon Musk oblije peye yon amann ki totalize 28,6 milyon reyal (anviwon 4,8 milyon ewo) epi nonmen yon nouvo reprezantan legal nan peyi Brezil.

Itilizatè yo te akeyi retou sa ak antouzyasm, mo kle tankou: « Nou retounen. Li bon pou retounen. »

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841