Komin Savanèt riske tounen yon zòn wouj si otorite konsène yo pa fè anyen prese prese

Nan yon lèt tou louvri li adrese ak delegasyon depatmantal la, vis delege pou awondisman Laskawobas la, Mèt Jeantès Belfort, atire atansyon otorite yo sou sitiyasyon komin Savanèt ki menase tounen yon zòn wouj fas ak kèk zak malonèt ki anrejistre nan dènye jou sa yo sou abitan nan komin nan.

Vis delege a site ka flagran ki montre ijans ki genyen pou gen yon entèvansyon rapid fèt sou sa ki gen pou wè ak sekirite sitwayen yo nan komin lan .

Toujou nan lèt la, Mèt Belfort siyale mèkredi ki te 9 Oktòb 2024, twa bandi antre nan sant sante Fani montero kite al atake medsen k ap bay sèvis yo nan sant sila . Bandi yo tire kou enpi rale kouto sou pèsonèl sante yo.
Yon lòt bò, jedi ki 11 Oktòb 2024 lan , yon jenn gason rale revòlvè kase tèt yon sitwayen pezib devan je yon foul moun e menm menase tire li si tout fwa sitwayen sa te replike .

Toujou nan Savanèt , vandredi 12 Oktòb 2024, 2 bandi rale manchèt yo epi blese kòdonatè KASÈK dezyèm seksyon an ,mesye Province Olive Ki tap eseye Metrize Bandi sila yo alòske Brigad vijilans nan zòn lan rive mete fen ak lavi tou de asasen yo.

Toujou menm vandredi 12 Oktòb lan, de(2) jèn gason byen deside rive frape grav an yon dominiken sou fwontyè kanyada-Migèl enpi rive vòlè yon motosiklèt platina ke dominiken sa tap kondui. Endividi yo rive desann pase nan mitan vil Savanèt ,pase flande,franchi laskawobas Pran lafuit ak motosiklèt la byen alèz san yo pa rankontre okenn difikilte sou wout yo.
Toujou nan menm semèn lan, abitan ki ap sikile sou wout soti granbwa pou ale sou fwontyè a rive jwenn kadav yon madanm ak tout mari li asasinen sou wout lan.

San konte boutik kap kase , bèt peyizan yo kap disparèt , menas tribòbabò divès moun ap sibi nan kominote saa ,li evidan pou gen yon entèvansyon ki fèt rapid vit yon fason pou evite plis dega .

Nap raple gen plis pase 4 mwa depi Komisarya Savanèt sibi zak piyaj ak sabotay sa koz prèske pat gen Polisye ditou nan komin saa. Apèn gen 2 oubyen 3grenn Polisye ki vini pou desèvi yon popilasyon ki gen plis pase 42 mil moun .

Pa gen okenn pòs kontwòl sou fwontyè a , ni premye seksyon ,ni dezyèm seksyon an pagen okenn otorite pou kontwole yo.
Popilasyon Savanèt lan lage de bwa balanse.
Enkyetid fè depi li a lanjelis moun evite mache si pa gen ijans.

Yon sitiyasyon ki dwe entèpele tout otorite ki konsène yon fason pou asire sikilasyon tout sitwayen san kè sote nan peyi yo.

N ap note, Savanèt ki youn nan komin depatman Sant yo ki plase nan awondisman Laskawobas Ba plato Santral, ap konnen kèk sitiyasyon difisil ki mete laperèz nan mitan popilasyon an selon sa yo rakonte nou.

Florince Fragile, Centre à la une

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841