Ofisyèlman, sit « Bwa Kayiman Ayiti enskri nan rejis zòn istorik ak memwa ki lye ak lesklavaj epi trèt negriyè. Se Minis Afè Etranjè ak Kilt la, Dominique Dupuy Dominique ki pibliye sa sou kont X li aprè midi mèkredi 9 oktòb 2024 la.
Bwa Kayiman, zòn istorik, kote esklav yo te reyini pou leve kanpe e batay kont esklavaj, antre nan rezo UNESCO pou lye ki konekte ak istwa epi ak memwa esklavaj.
Nan okazyon 30è anivèsè pwogram wout moun yo te mete nan esklavaj, delegasyon pèmanan Ayiti nan UNESCO anonse espas Bwa Kayiman an enskri nan rezo mondyal UNESCO e se premye sit Ayisyen ki antre rezo mondyal sa.
Nan yon kominike li pibliye ayè mèkredi a, delegasyon an raple Bwa Kayiman « Senbolize gwo batay pou kaba lesklavaj epi rann Ayiti endepandan »
Pi lwen delegasyon an souliye Bwa Kayiman se yon « Senbòl inivèsèl rezistans ak emansipasyon ». Enskripyon l nan rezo mondyal UNESCO ranfòse wòl kòm kanalizatè pou dyalòg sou istwa lesklavaj.
Nan dat 14 Dawout 1791, esklav nan koloni Sendomeng te òganize yon gwo seremoni vodou nan Bwa Kayiman pou bwase lide sou dwa moun e sou « kaba esklavaj ».
Anviwon yon mwa apre seremoni an, esklav yo revòlte epi rele chal bare dèyè tout blan kolon.
Alòske sit Bwa Kayiman an enskri nan rejis sit istwa ak memwa ki gen pou wè ak lesklavaj ak la trèt, divès sitwayen ki ap suiv jounal la te kontakte jedi 10 oktòb sa a di nou Leta Ayisyen abandone Bwa Kayiman ak tout Sitadèl. Tou 2 Sit istorik sa yo pa òganize, ni administre.
Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE