PONT-SONDÉ, Ayiti :Myriam Fièvre, majistra vil Saint-Marc la di, kantite moun ki pèdi lavi yo nan yon atak tèrib gang ame te fè semèn pase a nan Pont Sondè rive nan 115. Li fè deklarasyon sila ayè mèkredi a.

Nan dat 3 oktòb semenn pase a gang Gran Grif te atake sitwayen ki ap viv nan Pont-Sondé, nan depatman Latibonit.

Myriam Fièvre, majistra vil Saint-Marc la deklare Mèkredi 9 Oktòb 20 24 la « kantite moun ki pèdi lavi yo nan atak la kontinye ap ogmante, kounye a li 115.

Majistra a kontinye pou l di ke chif sa yo ta gen anpil chans pou yo kontinye ogmante paske otorite yo toujou ap chèche kadav epi yo pa’t kapab jwenn aksè nan kèk zòn nan vil la.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841