Mwa oktòb chak ane pote yon enpòtans espesyal pou Ayiti, kote li make selebrasyon lang ak kilti kreyòl, yon eleman santral nan idantite nasyonal pèp ayisyen an. Lang kreyòl la, ki se rezilta yon melanj istorik ant divès lang afrikèn ak franse kolonyal, pa sèlman reprezante yon zouti kominikasyon, men li se tou yon senbòl rezistans, diyite, ak libète.
Nan kontèks istorik Ayiti, lang kreyòl la te toujou yon pilye nan lit sosyal ak politik peyi a. Li te sèvi kòm mwayen kominikasyon pou yo bati yon nasyon apre Revolisyon Ayisyèn lan. Pandan plizyè syèk, kreyòl la te jwe wòl yon sèl lang tout Ayisyen ka pale, malgre inegalite sosyal ki toujou egziste. Sa fè li vin yon zam pou kouraj ak yon mwayen mobilizasyon sosyal pou klas defavorize yo.
Mwa oktòb la ap toujou yon moman kote nou reflechi sou avansman nou fè sou zafè valorizasyon lang ak kilti nou. Men tou, li dwe yon apèl pou plis aksyon. Malgre kreyòl la se lang majorite popilasyon an, li souvan konfronte ak prejije sosyal ak yon souzestimasyon nan sistèm edikatif la ak nan domèn ofisyèl yo, kote lang fransè toujou domine. Poutan, kreyòl la gen tout potansyèl pou sèvi kòm baz fondasyon pwogrè nasyonal la.
Banalizasyon nan enstitisyon yo
Se yon pwoblèm k ap kontinye Ayiti kote anpil enstitisyon, espesyalman nan domèn ofisyèl yo, banalize moun ki pale kreyòl la. Sa rive paske gen yon tandans istorik ak kiltirèl ki fè lang franse a, ki te lang kolonyalis la, vin tounen yon senbòl prestij ak pouvwa. Pandan franse toujou konsidere kòm lang ofisyèl ak lang « elit » la, kreyòl la souvan wè kòm yon lang moun ki pa gen fòmasyon oswa ki pa edike. Gen kèk rezon ki esplike sa:
Sistèm edikatif la: Malgre ke majorite popilasyon an pale kreyòl, sistèm edikatif la favorize franse. Sa fè anpil Ayisyen grandi ak lide ke reyisit ak entelektyalite depann de kapasite yo pou yo pale franse, pandan kreyòl la rete sou kote nan plizyè nivo edikatif. Anpil lekòl ak enstitisyon edikatif pèmèt oswa menm fòse elèv yo pale franse, kidonk yo dekouraje itilizasyon kreyòl la nan kad fòmal.
Langaj nan administrasyon piblik: Nan biwo gouvènman, tribinal, ak lòt enstitisyon piblik, franse souvan preferab, malgre pifò Ayisyen pi alèz nan kreyòl. Moun ki itilize kreyòl nan kontèks sa yo ka sibi diskriminasyon oswa moun nan biwo a ka pa trete yo ak menm respè ak atansyon. Se yon fason pou fè moun ki pale franse yo santi yo siperyè e pi enpòtan, pandan moun k ap pale kreyòl yo, menm si yo eksprime tèt yo ak presizyon, rete nan pozisyon dezavantaje.
Medya ak kominikasyon pwofesyonèl: Anpil medya ak òganizasyon pwofesyonèl toujou fè pwogram prensipal yo an franse, espesyalman nan pwogram radyo, televizyon, oswa evenman fòmèl. Moun ki pale kreyòl ka santi yo minimize oswa neglije nan espas sa yo. Nan konvèsasyon pwofesyonèl, kreyòl la souvan souzèstime kòm lang travay, e moun ki itilize li ka pa jwenn menm nivo respè ak moun k ap pale franse.
Prejije sosyal
Yon lòt aspè se prejije sosyal ki fè moun kwè si yon moun ap pale kreyòl, sa vle di li pa gen ase edikasyon oswa li pa konprann pwoblèm ki konplèks. Sa kreye yon baryè kiltirèl kote moun ki pale franse yo jwenn plis opòtinite, pandan moun ki pale kreyòl sèlman souvan pa tande oswa pa respekte nan menm nivo.
Esteryotip sou lang kreyòl la an Ayiti toujou rete yon baryè ki anpeche devlopman konplè lang sa a nan sosyete ayisyèn nan, malgre li se lang majoritè popilasyon an. Depi plizyè syèk, kreyòl la sibi prejije ak estigmatizasyon, espesyalman nan klas sosyal ki pi privileje yo, ki souvan wè l’ kòm yon lang “inferyè” oswa “lang moun ki pa edike.” Gen plizyè estereyotip kle ki toujou vivan jodi a:
1. Kreyòl la konsidere kòm yon lang « peyi » oswa « rural »
Nan imajinè sosyal ayisyen an, kreyòl la souvan asosye ak moun ki rete nan zòn riral oswa moun ki soti nan klas pi ba yo. Li souvan konsidere kòm yon lang ki pa bon pou diskisyon akademik oswa pwofesyonèl. Sa fè anpil moun, espesyalman nan vil yo, chèche bay franse plis valè kòm lang ofisyèl la.
2. Li pa yon lang sofistike
Kreyòl la konn jije kòm yon lang ki pa gen ase vokabilè pou eksprime lide konplèks oswa fè diskisyon teknik. Sa a, malgre tout rechèch ak devlopman lengwistik ki montre kreyòl la se yon lang konplè ak estrikti pwòp li, ap kontinye repete, menm pa kèk moun ki fè pati entelektyèl la.
3. Li se yon lang ki limite a konvèsasyon enfòmèl
Estereyotip sa a fè moun kwè kreyòl la bon sèlman pou dyalòg ki enfòmèl, tankou pale chak jou, blag, oswa kominikasyon nan mitan fanmi ak zanmi. Gen tandans pou yo sèvi ak franse nan zafè ki konsène politik, biznis, edikasyon, ak lòt domèn ofisyèl, malgre pifò Ayisyen pa metrize franse konplètman.
4. Kreyòl la konsidere kòm yon siy mank de fòmasyon edikatif
Gen yon asosyasyon ant pale kreyòl sèlman ak manke edikasyon. Moun ki pa metrize franse souvan sibi diskriminasyon, kote moun panse yo pa edike oswa yo pa kapab konprann sijè entelektyèl. Se yon prejije ki ranfòse inegalite sosyal e ki fè moun ki pale kreyòl sèlman santi yo diminye nan sèten kontèks sosyal.
5. Fanse se lang « reyisit«
Anpil Ayisyen grandi ak lide ke metrize franse se yon zouti esansyèl pou reyisi sosyalman. Sa fè anpil paran ankouraje pitit yo aprann franse nan lekòl epi mete aksan sou diminye itilizasyon kreyòl lakay. Sa a, souvan fè gen yon devalorizasyon kiltirèl ki afekte valè ki bay pwòp idantite nasyonal yo.
Fason pou konbat fenomèn sa a se kontinye mete kreyòl nan mitan tout diskisyon, tout nivo edikasyon, ak tout sèvis piblik. Devwa enstitisyon yo se rekonèt kreyòl kòm lang nasyonal ki merite respè ak itilizasyon sou menm pye egal ak franse. Kòm pèp, an Ayiti, nou dwe angaje nan yon travay kolektif pou dekonstwi prejije sa yo epi kreye yon sosyete kote kreyòl pa sèlman rekonèt men valorize nan chak aspè lavi nou.
Yon lit pou ranfòse kreyòl la pase pa politik piblik ki favorize itilizasyon li nan tout domèn: nan edikasyon, nan sèvis piblik, nan medya, epi nan biznis. Nou dwe travay pou kreyòl la jwenn plas ki merite li, yon plas kote chak Ayisyen ka eksprime tèt li san baryè.
Pandan mwa oktòb sa a, an nou selebre kreyòl la avèk fyète. Men plis pase tout bagay, an nou pran angajman pou kontinye defann lang nou ak kilti nou, paske sa fè pati rasin pwòp endepandans nou kòm pèp. Mwa oktòb, mwa kreyòl, se yon rapèl ke lang se pi gwo patrimwàn yon pèp, e nan kreyòl la, nou gen kle ki louvri pòt avni nou.
Jean Launy AVRIL, Centre à la UNE