An Ayiti, pwoblèm gang ak vyolans yo ap devaste peyi a depi plizyè ane. Gwo kantite sitwayen ak kominote ap sibi anba menas gang yo, ki pran pouvwa nan zòn kote Leta fèb oswa ineksistan. Men jodi a, nou remake yon reyalite k ap parèt tankou yon paradòks: gang yo souvan vire zam yo youn kont lòt olye pou yo lite kont moun ki te kreye sitiyasyon sa a, moun ki detounen resous peyi a, kite pwòp enterè yo pran plas sou devlopman peyi a.

Vyolans lan vin tankou yon sèk visye kote menm moun ki nan gang yo, ki ta dwe jwenn mwayen pou soti nan lavi sa a, ap mennen yon lagè san fen youn kont lòt. Sanble ke nan kèlkeswa kalite alyans yo mete sou pye a, defye ak lagè entèn yo fè yo desann youn lòt pito. Sa pèmèt kèk moun wè yon fènwa vin chaje ak yon kout limyè—yon feblès entèn ki kapab, yon lè, detwi rezo kriminèl sa yo.

Men reyalite a pa senp konsa. Si gang yo desann youn lòt jodi a, demen yo kapab reyòganize yo si pa gen travay konkret ak solisyon dirab pou atake pwoblèm rasin yo: povrete, feblès sistèm jistis la, enkapasite enstitisyon yo pou bay sekirite, ak enjerans kèk gwoup prive oswa politik ki pwofite de enstabilite a.

Leta dwe sispann fè bak devan pwoblèm gang yo e tabli yon plan pou demantle yo. Pwofesyonalize lapolis, ankouraje lajistis pou jwe wòl li san patipri, ak bay kominote yo sipò sosyal ak ekonomik pou asire yon chemen aletrnativ pou jèn yo. Men se tou lè pou nou reflechi sou wòl moun ki nan tèt pouvwa a ki kite sitiyasyon an kontinye oswa menm pouse l pi devan.

Ti gwoup ki ame ak finansye gang yo, ki kontwole ak akapare anpil nan richès peyi a, kontinye sikile lib e san konsekans. Moun sa yo pa sèlman gen mwayen ekonomik, men yo gen gwo enfliyans nan sfè politik ak ekonomik peyi a, kote yo kapab manipile enstitisyon leta pou pwoteje pwòp enterè yo. Sa yo se gwoup ki rale fisèl nan lonbraj, sitou nan fason yo envesti ak ofri finansman bay gang yo, swa pou pwofite de kontwòl teritwa yo, oswa pou asire yon nivo de feblès nan sistèm sekirite ak jistis peyi a.

Se sitwayen san defans, moun ki jis ap eseye viv onètman, ki peye pri vyolans sa a ak lavi yo. Ti machann, etidyan, travayè òdinè – yo viktim nan masak sa yo ki gang yo ap fè san ankenn konsekans reyèl. Pandan gwoup sa yo kontinye ap sèvi ak sitiyasyon an pou byenfè pèsonèl yo, klas ouvriyè ak moun nan katye popilè yo rete prizonye yon sistèm ki dezètifye lavi yo chak jou pi plis.

An Ayiti, chak nouvèl sou yon masak pote yon doulè renouvle pou moun ki, de jou an jou, pèdi plis espwa nan yon sistèm ki ta dwe pwoteje yo. Viktim yo se toujou menm kategori moun yo: sitwayen ki ap lite pou jwenn yon lavi miyò, moun k ap eseye siviv nan kondisyon difisil kote leta pa ofri okenn garanti sekirite. Pandan sa, sistèm jistis ak sekirite peyi a ap deteryore devan je nou, tankou yon « bilding » ki tonbe anba bal, bit pa bit, san okenn reyaksyon solid ki ka pwoteje sosyete a.

Se pa yon mistè ke sitiyasyon an tounen yon modèl kote lavi moun san defans yo san valè devan enterè gwoup ki pwofite de vyolans ak ensekirite a. Chak masak se yon lòt pèt pou peyi a, yon lòt atak kont fondasyon sosyete a. Kòz sa yo pa jwenn okenn repons reyèl: ensekirite kontinye pèsiste, santralizasyon pouvwa ak resous rete mennen peyi a nan mizè, ak moun ki nan zòn popilè yo rete kon fyèl fasil pou gang ak move enterè pwofite.

Sistèm nan tonbe anba bal chak jou, pa sèlman nan sans fizik, men tou nan sans moral ak estriktirèl. Sistèm lan tounen yon zegwi kote leta pèdi kapasite pou kontwole teritwa li, epi enstitisyon li yo tounen senbòl yon absans ki ap krazonnen peyi a.

Vreman vre, san yon volonte politik pou redrese enstitisyon yo epi remete moun defavorize yo nan sant pwoteksyon sosyete a, masak sa yo ap kontinye pran lavi moun, epi Ayiti ap kontinye sibi yon erozasyon sosyal san fen.

Nou ka espere pou gang yo fini pa detwi pwòp tèt yo, men peyi a bezwen plis pase yon espektak vyolan. Ayiti bezwen aksyon ki envesti nan refòme sistèm lan epi pwoteje lavi chak sitwayen.

Pou ka konbat reyalite sa a, yon chanjman reyèl dwe fèt nan sistèm jistis ak sekirite peyi a. Menm jan ak nan peyi ki ranpli ak gwo ensekirite, Ayiti ta bezwen fòme yon leta solid ki detèmine pou refòme sistèm nan, anpeche gwoup prive kontwole sektè leta, epi bay kominote yo kapasite pou reziste kont pwoblèm ensekirite a.

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun .Nou gen fòmasyon nan redaksyon ak prezantasyon emisyon e nou ekri pou plizyè jounal nasyonal e entènasyonal elatriye..... Membre Fondateur et Directeur général du journal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar

Laisser un commentaire