Plizyè santèn Dominiken pran lari Santo Domingo Dimanch 27 Oktòb 2024 la pou montre jan yo apiye desizyon gouvenman an pou l depote 10 mil migran Ayisyen k ap viv ilegalman nan peyi a chak semèn.

Anons la vini pi bonè nan mwad Oktob la.

Noelia Hazil, yon influencer ak manifestan zèl dwat te pran la pawol:

« Nou vle mete fen nan mafya ki kontwole fwontyè yo, mafya ki kontwole Sant Detansyon Haina a kote te gen yon revòlt sa gen kèk semèn epi Ayisyen yo kidnape jandam, direktè imigrasyon – e nou pa menm konnen konbyen Ayisyen ilegal ki chape. »

Yon pòt pawòl gouvènman an di jounalis yo gouvènman an pran desizyon an apre li remake yon eksè migran Ayisyen nan Repiblik Dominikèn.

Omwens 500 mil Ayisyen ap viv nan Repiblik Dominikèn dapre gwoup kap defann dwa moun yo.

Ane pase a, Repiblik Dominikèn te depote plis pase 174,000 moun li dekri kom Ayisyen e nan premye pati ane a li te depòte omwens 67,000 lòt.

Militan yo kritike administrasyon Luis Abinader la depi lontan pou vyolasyon dwa moun li komèt kont Ayisyen ak desandan Ayisyen ki pran nesans nan Repiblik Dominikèn.

Sepandan, mezi kanson fè sa yo popilè pami Dominiken ki di timoun Ayisyen lakoz lekòl yo sichaje epi ke yo mete swen sante peyi a anba strès.

Bradi Liriano se yon biznisman:

« Jan m wè l desizyon gouvènman Dominiken an pou l depote 10 mil Ayisyen pa semèn m kwè li dwe rete moun sa yo pat janm dwe gen pèmisyon antre. Malerezman yo kite yo antre ilegalman e kounyea pwoblèm nan vin enkontwolab. »

Ayisyen ap vwayaje nan Repiblik Dominikèn depi plizyè syèk. Genyen ki ale pou travay pwovizwaman. Gen lòt ki gen biznis nan peyi a.

Aktivis yo di depòtasyon mete an danje lavi dè milye moun ki kouri kite Ayiti akoz zak vyolans gang yo.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841