Editoryal Centre à la UNE
Barbecue ak gwoup gang « Viv Ansanm » itilize mo « revolisyon » tankou yon mask pou twonpe vijilans pèp la, fè li kwè ke y’ap goumen pou libere li. Men, reyalite a montre ke se yon jwèt politik y’ap fè, kote pèp la vin tounen yon pion, epi san l ap koule chak jou. Pandan gang yo ap simen laterè, kidnape, boule kay moun, ak fòse moun deplase, se pèp la k’ap benyen nan san l, pandan chèf gang yo ap ranfòse pouvwa yo ak kontwole plis resous.
Diskou revolisyon sa a se yon manèv, yon ilizyon, ki sèvi ak reyalite difisil pèp la pou manipile li. Men, lè n gade byen, yo pa pote okenn solisyon, okenn amelyorasyon reyèl. Se yon estrateji pou fè moun panse ke se sistèm nan yo ap atake, pandan an reyalite se kominote yo menm y’ap kraze.
Gang yo redui peyi a nan nivo geto yo. Nan espas sa yo, yo fèmen pòt pou tout lòt moun viv, kòm si yo se sèl yo ki gen dwa eksiste. Rès popilasyon an, prèske abandone, ap viv anba laperèz ak inyorans. Se sak fè yo pa ezite masakre mas defavorize yo sou pretèks yap fè bagay kont sistèm nan.
Nan yon peyi kote ensekirite se regleman ak fòs sa yo sèvi kòm referans, popilasyon an ap sibi, pandan y ap itilize l kòm yon jwèt nan men yo.
Lè yo di y’ap batay kont sistèm, li souvan tounen yon diskou kote yo kache vrè entansyon yo. Sistèm nan, daprè pawòl yo, se yon estrikti ki kreye inegalite e ki neglije mas pèp la. Men, reyalite a montre ke gang yo pa vrèman ap chèche amelyore lavi pèp la oswa chanje sistèm nan pou yon pi bon avni. Olye de sa, yo ap itilize diskou sa a kòm yon eskiz pou ranfòse pouvwa yo, ranpli enterè pèsonèl yo, epi etabli yon lòd kote se yo ki kontwole tout aspè nan lavi moun nan zòn kote yo opere.
Ann pran kèk egzanp nan Lafrik kote revolisyon yo te chanje bagay yo san ke popilasyon sivil inosan te sibi gwo zak vyolans. Revolisyon sa yo te chita sou estrateji politik ak militè ki te vize elimine opresyon san fè anpil domaj sou mas popilè yo:
Revolisyon nan Ghana (1957)
Ghana te premye peyi nan Lafrik Sub-Saharan ki te jwenn endepandans li anba direksyon Kwame Nkrumah. Revolisyon an pa t chita sou zak vyolans masiv kont sivil yo, men pito sou yon mobilizasyon popilè ki te ranfòse konsyans nasyonal ak pwomosyon ideyal libète. Malgre kèk konfli politik pita, pwosesis endepandans lan te yon modèl pou lòt peyi Afriken.
Revolisyon Anti-Apartheid nan Lafrik di Sid (1948-1994)
Revolisyon kont sistèm Apartheid la, ki te dirije pa Nelson Mandela ak Kongrè Nasyonal Afriken an (ANC), te yon mouvman pwolonje kont diskriminasyon rasyal. Pandan ke gen zak vyolans ki te fèt nan kèk peryòd, an jeneral, revolisyon an te konsantre sou mouvman lapè ak dyalòg politik. Popilasyon sivil la te gen anpil viktim anba rejim Apartheid la, men lidè yo te fè efò pou evite zak revanjè kont moun inosan apre chanjman sistèm nan.
Revolisyon nan Namibi (1990)
Mouvman endepandans Namibi a te dirije pa South West Africa People’s Organization (SWAPO). Revolisyon an te konsantre sou liberasyon nasyonal anba okipasyon sid-Afriken an. Malgre te gen kèk konfwontasyon militè, mas popilasyon an pa t viktim prensipal konfli a. Lè peyi a te jwenn endepandans li an 1990, li te rive avèk yon nivo stabilite ak pwoteksyon pou popilasyon sivil la.
Mozanbik (1975)
FRELIMO (Front de Libération de Mozambique) te dirije yon mouvman liberasyon kont kolonyalis Pòtigè a. Revolisyon an te pran fòm yon lagè liberasyon ki te vize fòs kolonyal yo, pa mas popilasyon an. Malgre peyi a te fè fas ak difikilte apre endepandans, objektif prensipal revolisyon an te jwenn liberasyon san ke sivil yo te tounen prensipal viktim yo.
Revolisyon nan Tanzani (1961)
Sou lidèship Julius Nyerere, Tanzani te rive jwenn endepandans li san zak vyolans masiv. Revolisyon an te yon mouvman politik ki chita sou dyalòg ak estrateji diplomatik, olye de yon konfwontasyon sanglan. Nyerere te aplike filozofi Ujamaa (devlopman kominotè), ki te mete konsantre sou pwoteksyon ak amelyorasyon lavi mas popilè yo.
Zambia (1964)
Kenneth Kaunda te dirije mouvman endepandans Zambiyen an, ki te rive ak yon revolisyon lapè. Pandan pwosesis sa, lidè yo te travay avèk moun yo pou evite zak vyolans kont sivil yo. Revolisyon an te plis sou negosyasyon ak presyon politik pase sou zak militè oswa represyon masiv.
Egzanp sa yo montre ke revolisyon ki byen planifye, ki baze sou dyalòg, konsyans kolektif, ak estrateji politik kapab pote chanjman san destriksyon masiv pou popilasyon an. Sa montre ke chanjman reyèl posib san ke pèp inosan oblije peye pri ak san yo.
Diskou sa a se yon zam ke yo sèvi ak li pou manipile emosyon mas yo, fè yo kwè ke y’ap goumen pou yo, pandan se yo menm kap fè masak sou pèp la. Lavi pèp la pa amelyore; okontrè, li vin pi difisil. Toutfwa, yon vrè batay kont sistèm ta dwe chita sou solidarite ak angajman kolektif pou kreye chanjman reyèl, ki mete byennèt chak sitwayen an premye, san ke yon gwoup izole pa pran kontwòl lavi sosyete a.
Yon veritab revolisyon ta vle di yon batay pou jistis, ekite, ak sekirite pou tout moun, yon batay pou sispann vyolans epi reyalize chanjman nan estrikti sosyete a. Jodia, se yon apèl pou pèp la rete vijilan, pou li pa kite tèt li pran nan pyèj mo sa yo ki pa fè anyen pou pwoteje ni onè, ni lavi moun.
Jean Launy AVRIL, Centre à la Une !