Nan 10 paragraf, jounalis la kritike epi revele divès fè sou konjonkti peyi a
Kriz miltidimansyonèl k ap sekwe bil Ayiti a rive touche tout sektè nan lavi nasyonal la ak sitwayen yo k ap viv nan peyi a osnon nan entènasyonal la. Semèn sa a, tousuit aprè PM Garry Conille fin tonbe nan tèt primati, kowalisyon gang Viv Ansanm nan deside souke Pòtoprens: Fizye moun, boule ak piye machin, kay… Se nan kontèks sa a jounalis antreprenè Valéry Numa prezante kri kè li e fè divès denonsiyasyon sou kont X li.
Menm jan ak anpil lòt jou ki pase yo, nou leve jodi a ak yon gou amè. Yonn nan move nouvèl yo, se asasina Dr Deborah Pierre, iwològ, ki pran bal nan tèt, nan ri Kamo, Pòtoprens. N ap siyale, papa l ki se medsen tou blese anba bal, men li sivivan.
Doktè Deborah PIERRE
Lòt move nouvèl, se 🇭🇹 ki kontinye fèmen, pou m pa di k ap soti sou map la pi plis chak jou, Nou okouran liy ayeryen yo deside fèmen vòl yo sou peyi a, pou yon tan ki ka ale jiska 90 jou. Nouvèl sa yo alaman, e konsekans yo pral lou pou nou.
Fòk nou dakò se nou ki dwe pran responsabilite n pou n soti nan sa nou ye la a, paske n pa ka konte sou Kominite Entènasyonal la. Dayè, m tande Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Antonio Guterres kalifye de « pa nòmal » paske Kominote Entènasyonal la pa ede Ayiti soti nan sa li ye a.
M ap reponn Mesye Guterres, pou m di l se pa kapasite Kominote Entènasyonal la pa genyen, men pito volonte. Anplis de sa, y ap sipòte sa k ap fèt la, paske yo pale / kolabore antre yo regilyèman.
Sekretè Jeneral Nasyonzini an Antonio Guterres an novanm 2024
Onètman, m te panse eksperyans Garry Conille fè kòm pwofesyonèl ki t ap jere gwo enstitisyon entènasyonal, met sou eksperyans politik li kòm PM an 2011, te ka itil Leta. Men nou tout ka remake, ansyen PM nan pa grandi ditou sou plan politik. Non sèlman l pa te fè anyen pou l te rete sou pouvwa, li pa te chwazi demisyone non plis.
Tout demach manm CPT yo t ap fè pou Garry Conille te fè remaniman, pou revoke Minis Afè Etranje ak Minis jistis la sitou, piga n panse se nan enterè peyi a non. M di n deja, se pa bagay peyi k ap regle. Se yon seri aktè k ap goumen pou jwenn plis pouvwa.
Erezman tou, Garry Conille te gen kouraj pou l te eksprime l nan fowòm Kenskòf la, fas ak kominite entènasyonal la, ki woule l nan farin, ki pa bay majorite nan sa yo te pwomèt, keseswa resous imèn, lajan ak materyèl. M di n sa deja, moun nou pran pou sovè a fè pati de malè nou.
Garry Conille, ansyen PM Haïti
Dirijan nou yo dwe antann yo, fas ak yonn nan potansyèl lènmi 🇭🇹 ki se kominote entènasyonal la, epi chèche mwayen politik nou pou fè fas ak reyalite a. Moun nou pran pou sovè a, fè pati de lougarou k ap manje n nan. Kwè m, parenn sa pa bon pou nou.
Èske n te konnen gen kèk moun yo konn vòlè machin yo, epi y al di sa nan anbasad isit kote yo gen gwo kontak, aprè yon ti tan anbasad kote yo te ale a enfòme yo pou y al pran machin nan tèl kote. 👉🏿 M DI NOU SA DEJA, MOUN YO AP VIV ANSANM ANTRE YO.
Èske n te konnen, Kominote Entènasyonal la ki dakò CPT a revoke Garry Conille, epi asepte PM Fils-Aimé a, egzije pou 3 konseye ki epengle nan eskandal BNC a pa enplike ni de prè, ni de lwen nan chwazi moun pou fè pati nouvo gouvènman k ap monte la.
Li fini seri piblikasyon sa yo pou di: Conille te mande DG PNH pou bloke aksè a #VillaDAcceuil, pou anpeche seremoni enstalasyon PM Fils-Aimé. DG PNH la ki santi Primati an feblès, li rele CPT a, di men sa Conille mande l fè, e l deside pa fè. SE SA KI KENBE RAMEAU NAN TÈT PNH LA TOUJOU.
Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE