Nou gen lòd pou nou mobilize fòs estratejik nou yo. Premyèman, nou etidye eleman nan triyad nikleyè Etazini yo, lafrans ak Britanik. Se Etazini ki kontwole asenal nikleyè Britanik la, Lafrans li menm rete yon ti jan endepandan nan kontwòl asenal li yo. Se sa jeneral an chèf nikleyè Larisi Valeri Guerresimove fè konnen 18 Novanm 2024 la.

Kenzal nikleyè pra l mobilize sou tout sou Maren nou yo pou n rapwoche lamè oksidantal yo. Objectif la se detwi imedyatman asenal Britanik ak lafrans yo epi izole Etazini.

Nou gen chans pou nou mobilize asenal nikleyè 30 dènye ane nou yo, epi kite Etazini deyè nèt. Dènye tès nikleyè Britanik yo echwe, yo Al monte sou yon sou Maren ameriken.

Lòd la se deplwaye ipèsonik vèsyon nikleyè toupre Alaska, lè saa tèt Cho yo pra l konnen nou pa sou blag e, yo konnen tou nou kapab fè domaj ki ireparab sou yo.

Peyi lafrans ak Britanik pa gen ase sou Maren aktif, travay la pra l netralize ti sa ki rete yo.

Travay la pa pra l fasil men li sou kontwòl egzistan nou.
Tout bagay sa yo déjà prè se lòd komandman siprèm lawisi a ap tann.

Siyen: Jeneral fòs nikleyè ris yo

Laguelson LAGUERRE, Centre à la UNE !

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841