Nan yon tèks jounalis/ekriven/konferansye fransè Romain Molina pibliye sou paj ofisyèl « X » li jounen vandredi 22 novanm 2024 la, jèn fransè 33 lane a pa mete dlo nan bouch pou kritike sevè e ouvètman prezidan fransè a Emmanuel Macron, aprè li fin trete otorite Ayisyèn yo de IDYO. Jounalis la site divès lòt peyi nan kominote Entènasyonal, pami yo Etazini, ki patisipe aktivman nan mete Ayiti ajenou sa fè deja twòp tan.

Men kijan Romain Molina kòmanse tèks li a, avan menm li avanse ansanm agiman yo: « Ti reyaksyon sou sòti Macron fè sou Ayiti 🇭🇹 a.

Si anpil elit ann Ayiti gen yon responsablite nan sitiyasyon aktyèl Ayiti a, kisa n ka de aktè entènasyonal yo k ap aji sou peyi a depi plizyè 10 lane.

Swa dizan misyon entènasyonal pou lapè oubyen imanitè ki gen konsekans yo ki kache. An n raple nou kantite vyòl nou pa ka kontwole ajan MINUSTAH oubyen enfliyans Nasyonzini nan moute maladi kolera plizyè medya ki pran angajman yo te revele, pandan dirijan yo te mete eskandal sa yo anba tab.

Kisa n ka di de Etazini, avèk anpil fyète, ki soutni Michel Martelly jiskaske yo mete li prezidan ann Ayiti, aprè yon eleksyon tèt chaje, ki chaje ak fwod, kote menm Etazini an 10 lane aprè pral sanksyone Martelly kòm prezime chèf k ap finanse gang.

Pou CLINTON yo menm « ki prezante tèt yo kòm gran defansè Ayiti », sitou pou Hilary, an prive, pa sispann vante tèt yo paske yo fè anpil, vrèman anpil lajan aprè tranbleman tè 12 janvye 2010 la.

Bill, li menm, te responsab destriksyon DIRI, kote li kraze nivo vi ak sektè agrikòl Ayisyen an nan benefis DIRI Ameriken an, kote menm Bill Clinton nan pral rekonèt pi ta sa te yon « akò avèk Satan » ki pèmèt yo kraze pwodiksyon agrikòl la ann Ayiti.

Pou fini, menmsi lis la pa reyini tout eleman yo (konplè), Lafrans te pyeje Ayiti avèk kesyon « dèt pou li pran endepandans » li a. Yon istwa ki pa janm rezoud, menm jan ak Etazini ki te vòlò rezèv lò Ayiti a nan lane 1914…

Alò, wi, gen moun ann Ayiti ki gen yon gran responsabilite nan sa k ap pase aktyèlman nan peyi a, men kòm moun k ap bay leson yo, kit li te Lafrans oubyen Etazini, rive gen odas enterè y ap defann sa fè lontan yo se menm bagay pou pil moun k ap mouri an silans nan Pòtoprens yo ?

Nan kèk lòt mo: Se kominote entènasyonal ki se yon pil « IDYO » paske yo vle deside nan plas Ayisyen yo lavni bon peyi yo a.

An n kontinye gade lafwa.

N ap raple, se pa premye fwa lidè yon lòt peyi ap trete Ayiti de tout mal. Prezidan Ameriken an, Donald Trump li menm tou te trete Ayiti de « Shit Hole », ki vle di « Tou Twalèt ».

Si pou anpil Ayisyen Emmanuel Macron genyen tout rezon denigre otorite Ayisyèn yo ki deside vote ale yon premye minis yo estime ki pa travay nan enterè peyi a, pou fransè Romain Molina, menm jan ak otorite Ayisyèn yo, peyi Lafrans, Etazini, fanmi CLINTON yo, kontribye anpil pou sitiyasyon Ayiti a rive deteryore kote li ye la a.

Finalman, divès rapò ki soti sou kesyon zam k ap antre Ayiti, konkli Etazini se peyi ki voye plis zam k ap touye sitwayen nan peyi papa Desalin nan.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841