Semèn pase a, FAA te entèdi tout avyon vole sou teritwa ayisyen an akoz vag vyolans yo ki mete an danje lavi pasaje yo ak ekipaj yo.

Nèg ak zam te vide katouch sou yon avyon konpayi Spirit ki tap tante ateri nan ayewopò Toussaint Louverture semèn pase a. Pou piti yon manm ekipaj la te blese.

Sa ki ta fòse Spirit, ansanm ak Jet Blue ak américain Airlines te kanpe vòl li yo sou Ayiti.

N ap souliye konpayi Sunrise rekòmanse ak vòl entènasyonal li yo sou Ayiti apati 2èm vil peyi a.

Yon avyon ki te soti Florida te ateri ayè jedi a nan ayewopò Okap la

Pou Ayewopò Toussaint Louverture a ki twouve l nan kè kapital la Pòtoprens, avyon toujou pa vole

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841