Ministè Ayisyen k ap viv aletanje, malgre li gen yon non ki ta dwe tradui yon enpòtans nan relasyon ak dyaspora a, se yon ministè ki manke fonksyonalite reyèl e ki pa gen okenn enpak dirèk sou lavi ayisyen ki viv nan peyi etranje. Nan anpil ka, li vin tounen yon estrikti fòmèl ki pa ofri okenn sèvis oswa sipò ki ta ka fasilite adaptasyon, pwogrè, ni entegrasyon Ayisyen nan sosyete kote yo viv la.

Sa ki pi enkyetan se lefèt ke pandan ke ministè sa a egziste nan papye, li souvan inyore bezwen reyèl dyaspora a: yon sistèm edikasyon aksesib, sèvis konsilè efikas, oswa menm pwogram ki ta ka fasilite tranzisyon ekonomik ak kiltirèl pou Ayisyen yo. Olye de sa, ministè sila sanble pi souvan itilize pou objektif politik oswa administratif, san okenn priyorite sou byennèt moun ki toujou gen yon lyen solid ak peyi a, men ki sibi abandon total de pati leta sa a.

Pwoblèm kazye jidisyè dyaspora Ayisyen an se yon defi ki prezan nan anpil peyi kote Ayisyen ap viv, tankou Chili, Brezil, Repiblik Dominikèn, Ajantin, ak Meksik. Nan peyi sa yo, Ayisyen yo ap fè fas ak difikilte pou jwenn aksè nan sistèm jidisyè lokal yo, mank de konpreyansyon sou dwa yo, e menm kèk fwa, diskriminasyon nan pwosesis legal yo. Sa fè li pi difisil pou yo jwenn jistis oswa pwoteksyon lè yo rankontre pwoblèm legal. Malgre prezans yon gwo kominote Ayisyen nan peyi sa yo, sitiyasyon an rete menm jan, ak anpil nan yo ki santi yo neglije pa otorite Ayisyen yo.

Dyaspora Ayisyen an reprezante yon sous enpòtan de resous finansye, kiltirèl ak sosyal pou peyi a. Malgre sa, yo souvan santi yo neglije oswa menm ekspreseman inyore nan pwosesis desizyonèl nan peyi a. Ministè Ayisyen k ap viv aletanje ta dwe gen yon misyon klè: pote solisyon ak sèvis ki vize amelyore kondisyon lavi ayisyen k ap viv aletranje, osi byen ke ranfòse lyen yo ak peyi a. Malerezman, nan anpil ka, sa pa rive.

Ayisyen ki kite peyi a ap fè fas ak yon lòt difikilte serye: yo pa janm ka renouvle kat idantifikasyon nasyonal yo, yon pwosesis ki vin tounen yon obstak enpòtan, menm lè yo bezwen fè lòt demach ofisyèl. Pafwa, jwenn yon paspò se yon gwo pwoblèm, paske pwosesis la konplike, ak anpil reta. Anbasad yo, tankou sa nan Chili, pa ofri sèvis efikas, e se konsa, moun yo vin fè eksperyans sistèm nan ki sanble gen anpil mank transparans ak efikasite. Kòm rezilta, koripsyon vin pran rasin, kote moun yo oblije pase pa endivi ki ka mande lajan anba tab pou akselere pwosesis yo, sa ki fè sitiyasyon an pi konplike pou Ayisyen yo k ap chèche yon solisyon.

Peyi a ta dwe rekonsidere fonksyon ak enpòtans ministè sa a, epi pwopoze solisyon konkrè ki ka fè dyaspora a santi yo plis angaje e rekonèt. Dyaspora a se yon fòs enpòtan, epi li merite yon ministè ki pa sèlman egziste nan non, men ki ka ofri solisyon ki fè sans pou bezwen yo.

Jean Launy AVRIL, Centre à la UNE !

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun .Nou gen fòmasyon nan redaksyon ak prezantasyon emisyon e nou ekri pou plizyè jounal nasyonal e entènasyonal elatriye..... Membre Fondateur et Directeur général du journal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar

Laisser un commentaire