Jounen samdi 30 novanm 2024 la, prezidan eli ameriken an Real Donald Trump, menase peyi BRICS ak alye yo pou yo peye a 100% dwa ladwàn yo si yo deside tout bon pou febli dominasyon dola a peyi BRICS yo konsidere yo dwe depase nan komès entènasyonal yo.

« Nou mande pou peyi sa yo pran angajman pou yo pa kreye yon nouvo lajan BRICS, ni pou sipòte yon lòt lajan pou ranplase pwisan dola ameriken an. Sinon, peyi sa yo ki gen ladan yo: Brezil, Larisi, End, Lachin ak Lafrik di Sid pral peye 100% dwa Ladwàn. » Se sa Trump deklare.

Pi lwen, sou rezo sosyal li a Truth, prezidan eli ameriken an fè konnen « si toutfwa peyi BRICS yo ta deside kreye yon monè ki pi fò pase dola a, yo mèt tou kòmanse prepare yo pou yo di orevwa nan sa ki gen pou wè ak komès nan bèl ekonomi amerikèn nan.« 

N ap note, BRICS la se yon òganizasyon ki rasanble divès peyi (Brezil, Larisi, End, Lachin, Afrik di Sid), yon pwojè ekonomik kreye an 2009, ki vize mete an kesyon « dominasyon Etazini ak rès alye Oksidantal li yo sou mond lan », kreye yon lajan inik pou depase dola a.

5 premye peyi ki site pi wo yo plis 4 lòt peyi sa (Iran, Ejip, Emira Arab Ini ak Etyopi) ki se nouvo manm, vin jwenn apèl plis pase 50 lòt peyi tankou : Arabi Sawoudit, Kiba, Kazakstan, Repiblik Kongo, Ajantin, Gabon, Latiki, Venezyela… ki fè demand pou entegre gwoup la.

Depi li fin eli prezidan Etazini nan dat madi 5 pou louvri mèkredi 6 novanm 2024 la, Donald Trump pa sispann anonse divès nan gwo desizyon administrasyon li an pral pran, nan sousi pou « MAKE AMERICA GREAT AGAIN« , yon fòmil kanpay ki devni yon estimili sou teritwa Ameriken an.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841