Pou Konseye Prezidansyèl Fritz Alphonse Jean

Sent Sizann nou mele !

Prezidan, si Ogou Balendjo pa t anba dlo nan moman sa, li t ap di w :  » Vèditè lè w pa gen anyen pou w di, fèmen bouch ou !  » Ekselans, apre 7 mwa se pawòl pou n kontinye ap vale toujou ? Prezidan an de mo twa pawòl ki wòl ou menm ? Nòt 26 novanm 2024 ou an, sanble kou de gout dlo ak pwotestasyon yon gwoup moun Granpre, k ap denonse KAZÈK ki pa netwaye kannal. Pouse bourik ou prezidan ! Lepèp kòm enbesil, n ap kontinye pran pengwen pou zannanna.

Men prezidan, m kontan anpil, ou felisite pèp la ak fòs lòd yo k ap reziste anba bandi kriminèl ak zong yo. Bèl bagay ekselans, lajan ransèyman w, pil sekirite w nan dada w epi gang ap touche nan pòs peyaj sou wout yo, sazinen, vyole, kidnape lepèp ; epi w ap djaze :  » O twòp san koule !  » Prezidan, ou konn bwè ? Gen lè pandan w ap ekri nòt la, Lenglensou te sele w, li kite w anba tafya. Prezidan, nòt ou an tèt anba san okenn presizyon. Kilès gouvènman pase ki te nan banditis yo ? Pa gen pwoblèm kontinye kache pou w jere ti espas pouvwa w. Ekselans, kote w ye la se Lavalas Aristid, Preval ; Tèt Kale Mateli, Privè Jovnel, Ariel ; Anbasad Meriken, Kò Gwoup ; se sa yo ki lepase san retire yon yota ki la. Ou vle di n se yo ki te toujou asosye ak bandi ? Antouka, si se memwa w pa genyen chèf la, mwèl bèf ak mwèl kabrit bon pou sa anpil.

Prezidan, ti koze sa m te sere l pou m te pale avè w an dènye, apa m wè ou tounen nan pawòl ekonomi vyolans lan ? Prezidan m tèlman ri, blòk dan m rache. M konnen w entèlijan ; blòf ki te mete w anlè a p ap ka kontinye kenbe w. Envante yon lòt pawòl, souple prezidan, pa vini ak koze tranzisyon koupe fache a pou m pa rekòmanse griyen dan m tankou moun fou.

Anvan chape poul mwen ekselans, m ap poze w ti kesyon sa yo ; nouvo ekonomi vyolans lan entegre ni gang ak sapat, ni prezidan kasè bank ? Nou tout 9 manm Konsèy la, menm brakè yo kontinye ap bay enstriksyon yo nòt la fè referans lan ? M fini ekselans, men kònmsi m wè w pa reponn Macron? Pawòl « con » an sanble w prezidan? Pa imilye m ekselans, reponn mwen.

Ayiti ! bèl ti peyi lè nèg sou pouvwa ! Se pa vre ekselans?

Gran Pre, 26 Novanm 2024
Hugue CÉLESTIN
Manm:  » Federasyon Mouvman Demokratik Katye Moren (FEMODEK) »
Manm:  » Efò ak Solidarite pou Konstriksyon Altènativ Nasyonal Popilè (ESKANP) « 

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841