Nan anpil diskisyon sou kriz Ayiti ap fè fas, gen yon bagay ki tounen yon chan cho nan tout diskisyon : gang yo. Sou medya yo, sou rezo sosyal yo, nan chak konvèsasyon, mo sa a retounen tankou yon refren san fen. Repete, bay fòs, fè moun viv lènmi sa yo nan tèt yo chak jou. Men èske nou reflechi sou konsekans sa a gen sou reyalite a?
Gen yon règ senp nan sikoloji sosyal : repete yon bagay san rete ba li pouvwa, fè li vin nòmal nan lespri moun. Nan peyi nou, fason medya yo ak rezo sosyal yo mete gang yo nan mitan diskisyon an fè yo sanble tankou yon fòs ki pap janm ka disparèt. Sa ki ta dwe yon pwoblèm pou n rezoud, tounen yon bagay nou aksepte kòm nòmal, kòm inevitab.
Men sa repètisyon san refleksyon sou gang yo pote kòm konsekans :
1. Bay gang yo plis kredibilite : Lè nou pale tout tan sou pouvwa yo, nou ba yo plis valè nan je jèn ki pa gen lòt modèl. Yo vin panse gang se sèl chemen pou fè yo wè nan sosyete a.
2. Kreye yon klima pè pèmanan : Pèsistans nan di gang yo nan tout kote fè pè a pran tout lespri moun epi fè yo pè fè aksyon pozitif.
3. Kouvri efò pozitif yo : Pandan tout limyè konsantre sou gang yo, nou bliye moun k ap fè travay pozitiv, moun k ap goumen pou lapè ak moun k ap eseye fè yon lòt Ayiti posib.
Kestyon ki enpòtan se sa nou dwe mande tèt nou : Ki kalite Ayiti nou vle wè nan refleksyon piblik nou yo? Kontinye mete gang nan mitan tout diskisyon se ede yo pran rasin pi fon nan sosyete a. Chanje fason nou pale, se premye pa pou n chanje reyalite a.
Nou pa di pou nou kache verite sou gang yo, men li enpòtan pou nou chanje naratif la. Ann mete aksan sou solisyon, sou moun ki chwazi lapè, sou jèn k ap chèche yon lòt chemen. Ann pale de jistis, de solidarite, de espwa avèk menm fòs nou pale de gang yo.
Jodi a, nou nan yon moman enpòtan kote Ayiti bezwen moun ki ka fè yon lòt vwa tande. Mo yo gen fòs. Lè nou kontinye repete gang yo fò, nou fè yo vin pi fò. Men si nou chanje mo nou yo pou mete aksan sou sa ki bon, nou ka bati yon nouvo Ayiti.
Jounal Centre à la Une pran angajman pou li pa tounen yon echèl pou pè. Okontrè, nou vle sèvi kòm yon espas pou chanjman. Ann fè chwa kolektiv la, ann chwazi pale mo ki ka kreye yon avni pi bèl pou Ayiti.
Jean Launy Avril
Editoryalis, Centre à la Une