Pandan yon vizit nan peyi Kosta Rika Madi 3 fevriye 2025 lan, Sekretè d Eta Ameriken Marco Rubio deklare Etazini pap elimine asistans lap bay peyi etranje.

Rubio di: « Nou pap elimine asistans etranje. N ap gen asistans etranje ki fè sans. Nap gen asistans etranje ki fonksyonèl. N ap gen asistans etranje ki nan enterè nasyonal nou. N ap gen asistans etranje ki benefisye patnè nou fè konfyans ak alye nou yo. »

Diplomat pi wo plase Etazini an fè komantè sa a pandan yon konferans pou laprès. Li tap reponn kestyon jounalis yo poze sou kanpe Etazini anonse nan asistans lap bay peyi toupatou nan mond lan.

Rubio presize ke kanpe sa a ap dire 90 jou pou pèmèt yo revize pwogram yo. Li plenyen pou di yo jwen ka kote asistans Etazini te pase nan men 4 kontraktè diferan anvan li te rive jwenn moun li te vize a. Li di tou pa fwa se ant 10 ak 13% lajan Etazini te akode a ki te rive jwenn pwojè a e rès la te depanse nan « biwokrasi ».

Rubio te rankontre Prezidan Rodrigo Chaves nan San Jose, kote yo te diskite sou imigrasyon.

« USAID pran lajan kontribyab Ameriken yo pou finanse rechèch zam bakteryoloji ak COVID-19. Anplis yo patisipe nan plizyè koudeta nan mond lan pou nou site: Ayiti, Ikrèn ak Ejip. Pousa nou bloke yo sou platfòm X epi prezidan Donald Trump deja dakò ak mwen pou nou fèmen ajans kriminèl sa. » Se sa Elon musck ki se chèf depatman efikasite gouvènman an fè konnen.

Aprè sa li te vwayaje Guatemala Siti pou rankontre ak prezidan peyi sa a.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841