Ajan ICE ( immigration and Customs Enforcement ) yo kontinye ap libere sèten deteni migran yo te arete, nan sèten ka yo libere plis pase 10 chak jou, paske espas yo genyen pou kenbe yo a depase kapasite maksimal li, selon done estatistik jounal ameriken an CBSNews di li genyen.
Jounal la rapòte espas pou kenbe migran yo te a 109% kapasite li, ICE gen anviwon 42 mil migran nan men li, epi espas la gen kapasite pou li pran sèlman 38 521 kabann, selon chif ministè sekirite enteryè ameriken an, mwatye nan moun yo arete yo se sou fwontyè sid la yo pran yo . Lendi sèlman ajan ICE yo libere 160 migran yo te arete pou pwoblèm espas, Operasyon depòtasyon Prezidan Donald Trump la fè fas ak defi operasyonèl, jiridik an matyè aplikasyon.

Moun yo libere yo oblije gen yon monitè nan pye yo pou kontwole mouvman yo sou teritwa, ICE rekonèt operasyon depòtasyon an kapab paralize si kondisyon operasyonèl ak lojistik yo pa reponn jan sa ta dwe ye a.
Peyi Meksik bò kote pa yo ap fè preparasyon pou akeyi migran yo
50 pi gwo antrepriz nan peyi Meksik mete tèt yo ansanm ak Leta prepare 35 mil job mete la pou migran Meksiken Donald Trump ap depòte yo , se yon inisyativ sektè prive ansanm ak Leta pran pou bay moun sa yo travay selon sa yo kapab fè, Francisco Cervantes Díaz, prezidan kowòdinasyon antrepriz yo, nou vle moun yo rapatriye ba nou yo kontinye travay sou metye yo tap egzèse deja. Pami antrepriz sa yo nou jwenn, Femsa, Walmart, Biopapel, avèk anpil lòt ajans kap rekrite moun nan domèn sekirite, yon selil travay gentan kanpe sou pye ant sektè prive a avèk Gouvènman Claudia Sheibaum nan pou kapab entegre moun sa yo rapid sou mache travay Meksiken an epi ba yo bon jan travay pou yo fè .
N ap raple Etazini depòte 25 migran, madi 4 fevriye 2025 la nan ayewopò Kap Ayisyen.
Pami 25 Ayisyen sa yo, gen 13 ki te deja kondane pa Lajistis amerikèn, 18 vini san paspò.
Daprè Kerlande Desauguste, pou ONM, yo pral antreprann demach pou ka eseye jwenn paspò ki manke yo. Leta Ayisyen dispoze 5000 goud pou bay chak migran yo depòte.
Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE !