Prezidan Biwo Referandè Konstitisyonèl (BRC) Depatman Sant lan, ki se an menm tan Prezidan Biwo Elektoral Depatmantal (BED), Me THERMIDOR Henrillot, plede lendi 10 mas 2025 la, an favè bon jan dispozisyon pou tabli sekirite ak estabilite politik, yon fason pou fasilte dewoulman ak reyalisasyon REFRANDÒM ak ELEKSYON yo pandan ane 2025 la.
Prezidan 2 enstitisyon sa yo ki t ap reponn kesyon jounal Centre à la UNE maten maten lendi 10 mas la pa mwayen telefòn, deklare manb BEK ak BRC yo ki nan 13 Komin Depatman sant lan deja enstale.
Pou kounye a, yo pral nan faz evalyasyon, idantifikasyon Sant vòt yo, ak fòmasyon manb BRC/BED yo ki ta dwe fèt semèn k ap vini la a.
N ap raple, Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an genyen jiska fevriye 2026 pou li remèt pouvwa a bay yon prezidan eli, selon sa ki ekri nan akò ki mete KPT a kanpe.
Jacquelin NAPOLÉON, Centre a La UNE