Jacques Jerry Pierre alyas Tirich ak Jeff Pierre ki se 2 frè ki se moun Beladè ki jwenn arestasyon yo samdi 15 mas 2025 la nan ayewopò Okap la. Arestasyon sa yo fèt pandan mesye yo t ap kouri kite peyi a pou esplikasyon prezime yo nan kad dosye yon kagezon zam ki te sezi Sendomeng, kote lapolis ann Ayiti deja arete Guito Senat 13 mas pase a nan Ench, Sena ki se pwopryetè otèl le Wozo Beladè ki te gen pou resevwa zam yo.
Selon enfòmasyon otorite yo nan vil Okap pataje ak Centre à la UNE, 2 mesye sa yo ki arete a se 2 frè, ki se pitit Nabon Marcadieu alyas Tinana Guito Sénat akize kòm moun zam yo ta pral jwenn Beladè.
Kagezon 23 zam ak 36 000 katouch otorite dominikèn yo te sezi madi 4 mas 2025 la, nan kad dosye sa Lajistis Dominikèn kondane pou 1 lane prizon Urbano Eugenio García ak Máximo Pérez Berigüete. Zam yo te sòti Florida Ozetazini.
N ap fè remake, Guitho Sénat ki se mèt otèl Le Wozo nan komin Beladè, te jwenn arestasyon li nan vil Ench, depatman Sant aswè jedi 13 mas 2025 la pou esplikasyon prezime li nan trafik zam. Yon kagezon zam R. Dominikèn te sezi menm jou jedi a se te pou Guitho.
Jean Launy AVRIL, Centre à la UNE !