Ayiti ang ame yo pa sispan okipe divès lòt espas nan kapital la anba je Leta ki pa janm ka jwen yon solisyon definitiv

Wiken pase a malgre operasyon polis la nan plizyè katye gang ame yo etabli yo tankou: Vilaj de dye, ba Dèlma elatriye gang yo pa rete gade, yo menm tou yo kontinye pran plis espas nan kapital peyi a, Avni Kristòf youn nan kote ki ranpli ak enstisyon Leta ak gwo enstitisyon prive tounen yon teritwa pèdi.

Bandi yo ap pwogrese nan travay yo, popilasyon an pa kon ki sen pou li rele epi Leta ap fè plan pou delokalize enstitisyon li yo ki donk Leta ap kouri pou bandi tou Inaghei, Fasch Ierah se plizyè antite nan inivèsite Leta ki pa ka fonksyone akoz okipasyon Avni Kristòf la, yon lòtbò Avni N nan Tijo ak boudon Delma plizyè enstisyon prive paka reziste akòz gang ame yo ap vanse sou yo Unitech, Saint louis de Gonzague ki li menm soti nòt pou mande paran yo kenbe timoun yo lakay yo.

Samdi 15 mas 2025 la pandan pèsonèl yo t ap deplase soti nan Sant Tijo, ta pral gen plizyè chofè ki blese ak bal men ki pa grav selon MSF. Chèf misyon MSF la nan peyi Ayiti ki santi li vekse pou jan sa pase a te pran lapawòl pou l di : sa pa bon pou yo ap atake vi moun ki la pou bay popilasyon an swen. Pou pwoteje vi pasyan yo ak vi pèsonèl yo , Òganizasyon an anonse yo kanpe tout aktivite yo pou yon ti tan.

Bandi ame yo mete dife nan Tele Pliryèl chèn 44 nan Dèlma 19. Sa pase nan lannwit 15 pou louvri 16 mas 2025 la daprè sa responsab yo ekri. Sitiyasyon sa a pwodui aprè sivil ame te mete dife nan radyo Karayib ak Melodi. N ap note, semèn sa a sivil ame yo pa chome, yo mete dife nan 3 diferan medya nan kapital peyi a.

Vyolans gang yo mete anpil laperèz nan popilasyon ayisyèn nan moun yo mande konbye timoun ki pou boule ankò, konbyen etidyan ki pou mouri nan sal de klas, konbyen fanmi ki pou pèdi lavi yo ankò, pou Leta pran responsabilite l?

Joseph Samuel GUILLAUME, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841