Ajan PNH ki te jwenn sipò manm brigad otodefans Canapé-Vè te fè yon operasyon miskle nan Christ-Roi, pase nan Delmas 32, kote plis pase (15) kenz bandi mouri nan afwotman, epi plizyè zam sezi, madi 18 mas 2025 la.

Yon repons pwopòsyonel ak miskle reyalize nan lokal Fondasyon pou Sante Repwodiksyon ak Edikasyon Fanmi (FOSREF) nan Christ-Roi kote pa mwens pase (15) kenz bandi te ansèkle epi elimine pa ajan PNH. Dapre yon sous kredib ki te mande pou l ret anonim, nan operasyon sila plizyè zam sezi tankou; fizi atak, ki gen ladan yon M-4 modifye ak yon AKA-47 kalashnikov, ansanm ak yon pistolè 9mm, te remèt ala lapolis.

Depase pa atak lapolis sila, yon bon kantite bandi te pran refij nan riyèl Moïse, men yo ta pral kwaze ak manm brigad oto-defans Christ-Roi ak Canapé-Vert, kote yo ta pral jwenn egzekisyon yo.
Yon lòt bò, pa mwens pase (4) kat kadav san vi tabli sou asfalt la, nan Delmas 32.

Pou kounye a, gwo eksplozyon toujou ap sonnen nan Delmas 30, 32 ak Christ-Roi kote popilasyon sivil la, ak gwoup oto-defans, akonpanye ak lapolis ap goumen a tout fòs yo pou kwape kriminèl ki pa sispann teworize popilasyon an.

Nap raple canapé-Vè jiska dat rete pi gwo senbòl rezistans, nan batay kont kriminèl ak zam ki déjà akapare plis pase 80 pousan tèritwa nan rejyon metwopolitèn nan.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841