Ayiti sanble ak yon bato ki ap plonje nan lanmè, san konpa, san kaptenn, ap flote sou vag vyolans ak dezòd. Pandan bato a ap koule, sa yo ki te di y ap mennen l nan bon direksyon pito ap plen pòch yo olye yo ranje vwal yo.

Politisyen nou yo se gwo aktè : yo pale agoch, men pòch yo plen adwat. Yo sèvi ak bèl pawòl pou fè pèp la kwè yo ap defann enterè l, men nan reyalite, se tèt pa yo y ap defann. Yo fè diskou ki bèl tankou kreyòl chante, men rezilta yo se plis mizè, plis san, plis dlo nan je.

Ayiti ap mouri pandan yo ap viv pi byen lòt kote

Katye popilè nou yo tounen simityè san Bawon, kote kadav yo lage tankou fatra, san seremoni, san kavo, san mòso drap pou kouvri yo. Lari ki te konn ranpli ak manifestasyon pou egzije lavi miyò, jodi a tounen espas pou pil kadav chita nan solèy.

Men pandan sa, pitit politisyen yo ap resevwa diplòm nan gwo inivèsite aletranje, pandan fakilte ak lekòl lakay nou fèmen. Lopital boule, men sa pa enpòtan, paske fanmi yo pa janm al pran swen isit. Avyon toujou la pou mennen yo Miami, Pari, Monreyal, kote lavi ap bèl pou yo.

Ayiti, yon peyi kote espwa ap fennen

Bandi yo se sèl chèf ki rete nan lari a. Leta rann tèt li, li bay zam ak bal tout pouvwa. Peyi a tounen yon prizon kote tout moun ap chèche kijan pou yo chape. Chak jou se yon jwèt aza kote moun espere siviv, men pa gen asirans pou demen.

Ayiti poukont li, li trayi pa sa yo ki te dwe defann li. Men èske gen espwa ankò ? Oswa nou kondane pou gade peyi nou mouri, pandan sa ki trayi l ap fete, ap pwofite bèl lavi anba lòt syèl ?

Si espwa toujou la, fòk li leve pi wo pase sa nou janm imajine. Paske li p ap soti ni nan bèl diskou ni nan pwomès vid. Li dwe soti nan yon leve kanpe, nan yon souke kò nou, nan yon revolisyon diyite. Sinon, Ayiti ap kontinye ap koule, epi sa ki fin piye l yo ap kontinye fete sou sann li.

Jean Launy AVRIL
Editoryalis, Centre à la Une

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar