An Ayiti, verite a tounen yon wòch nou lage nan twou, pandan manti ap defile tankou wa sou wout kraze yo. Chak jou, reyalite a frape nou fas a fas : peyi sa a ki te yon fwa tè benediksyon, nouriti pa lespri zansèt yo, tonbe pi fon chak jou nan twou manti, diskou fo, epi anbisyon vid.

Sèn politik ayisyen an tounen yon teyat lonbraj kote moun ki ap gade de lwen, ak plan sou papye, gwo diskou ak bèl aparèy lojistik, fè kwè yo gen solisyon pou tout mal. Men, depi yo antre nan reyalite a, se esterilite aksyon yo ki ranpòte sou tout bèl pawòl yo. Yo se tankou kiltivatè san grenn, k ap pale rekòt kote pa gen jaden.

Yo pa pran timoun nan jandamri, men swaf anpil nèg se monte sou do leta a ki sanble tèt pou tèt ak rèv anpil Ayisyen genyen rive kay tonton Sam , se jwenn paradi syèl la . Men, depi galon monte sou zepòl yo, responsablite a disparèt. Gen grad pa vle di ou awoze misyon ou. Ayiti pa bezwen fonksyonè pou fè bèl figi, li bezwen moun ki gen konsyans, ki konprann doulè peyi a epi ki pare pou mete men.

Manm CPT a, abiye ak kostim liksye, pwoteje nan gwo kout kòtèj, ap mache ak elegans, men se sou fatra yo ap pase, sou kadav neglije, sou diyite pèp la ki kraze anba pye yo. Lari Pòtoprens se tapi wouj yo, men tapi sa a gen sant lanmò, mizè, ak trayizon.

Pandan tan sa a, yo chanje Direktè Jeneral PNH tankou moun chanje chemiz. Premye Minis yo pase youn apre lòt tankou epizòd nan yon seri san fen. Fòs miltinasyonal yo parèt tankou sovè, pèp la pa kwè ladan yo ankò. Kolektivite teritoryal yo sibi chanjman sou chanjman, men dezòd la, li menm, li pa janm bouje. Li rete, li pi rèd, li vin pi fon.

Epi nou mande tèt nou : kisa sa vo pou ou kouri dèyè yon pòs si ou pa ka reponn ak atant pèp la ? Poukisa gen tout liks nan aparèy Leta a, pandan peyi a ap dekonpoze, pandan sant li ap monte nan nen tout moun, tankou li se sous enspirasyon pou sa k ap benefisye de sistèm nan ?

Ayiti p ap ka leve si se ak moun k ap fè diskou salon, administratè lonbraj, osinon moun k ap dekore figi reyalite a pou fè l bèl. Li bezwen atizan verite, konstriktè lespwa, sòlda konsyans. Sinon, verite ap kontinye mouri chak jou, pandan manti ap defile, sou do soufrans nou.

Jean Launy AVRIL
Editoryalis, Centre à la Une

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841