Ayiti ap plonje chak jou pi fon nan twou dezespwa a, epi sa ki pi grav la, se chak moun ki gen solisyon pa yo, men pèsonn pa vle mete tèt yo ansanm. Konsèy Prezidansyèl la (CPT) gen pwòp solisyon li. Premye Minis lan gen pa li. Polis Nasyonal la (PNH) gen estrateji pa li. Opozisyon an, li menm, ap pwoklame li gen chemen delivrans. Men, yo tout ap trennen Ayiti nan sans diferan, tankou kat chwal k ap chire menm charyo a.
Tout moun ap pale. Tout moun ap jwe lidè. Men pèyi a ap tonbe. Yo plis entèrese nan gen rezon pase bay solisyon. Pèp la, li menm, ap gade, li pa konprann kijan se sèlman an granmoun chita sou tèt dife epi yo pa janm ka dakò sou ki kote dlo a ye.
Ki jan nou ka sove yon nasyon kote chak aktè ap defann lide pa yo kòm sèl verite, san yo pa janm chita sou menm tab pou mete Ayiti anvan tout bagay ? Tout sa nou ap viv la, se rezilta divizyon, egoyis ak sous-estimasyon doulè pèp la.
Ayiti pa bezwen plizyè ti solisyon, li bezwen yon sèl vizyon kolektif, kote tout aktè dakò pou mete enterè pèp la an premye. Sinon, tout bèl pawòl yo ap tounen van ki soufle sou sann.
Jodi a, Ayiti pou kont li, abandone pa pitit li yo ki plis entèrese nan pouvwa pase nan sovtaj. Men, si nou kontinye konsa, se pa sèlman peyi a ki ap peri, se tout pèp la ki ap nwaye.
Jean Launy AVRIL
Editoryalis, Centre à la Une