De (2) sòlda kenyen tonbe, plizyè cha blende boule, e bandi yo ap mache dwat nan mitan lari a tankou se yo ki gen kòd pouvwa a nan men yo. Fòs miltinasyonal ki te sipoze limyè bò fènwa a, vin tounen flanm dife ki boule pi fon sa ki te gentan kraze. Nan ba Latibonit, se pa rezilta misyon an y ap konte, se kadav.
Depi fòs sa yo mete pye sou tè Ayiti, pèp la t ap tann chanjman tankou tè a tann lapli apre sechrès. Men, jiskaprezan, se lapli bal ak dife ki tonbe. Pa menm yon sèl chef gang pa voye monte pou peyi san chapo, pa menm yon pwogrè klè sou sekirite. Se tankou Ayiti ap benyen san savon pandan moun ap voye dlo pou li soti pi pwòp.
Kidonk, nou mande tèt nou : Ki wòl reyèl misyon sa genyen ? Èske se yon ekspozisyon militè entènasyonal ? Èske se yon jwèt lonbray diplomatik sou do yon pèp ki pa gen plas pou l mete pye ? Yo te sipoze pote sekirite, men se plis ensekirite ki vin plonje peyi a pi fon.
Yo toujou ap pale de repons, de estrateji, de kolaborasyon ant gouvènman, CPT, PNH, ak kominote entènasyonal la. Men chak repons sanble ak yon makiyaj sou yon kadav, li bèl anwo, men li santi lanmò anba.
Pandan sa, pèp la ap viv lanfè chak jou. Lari a plen ak kadav, lekòl yo fèmen, lopital yo tounen tanpab, epi politisyen yo toujou ap pase nan kout kòtèj sou fatra ak sou sang. Se tankou y ap fè defile sou doulè pèp la, ak figi dwat, san gade dèyè.
Ayiti pa bezwen plis montay pawòl. Peyi a bezwen verite, aksyon, ak repons konkrè. Si fòs miltinasyonal la se limyè a, se tan pou yo klere. Si se pa sa, se tan pou yo mete lanp lan atè. Paske, jouk jounen jodi a, pèp la pa wè okenn direksyon, sèlman plis fènwa, plis san, plis tray.
Jean Launy AVRIL
Editoryalis, Centre à la Une